Souple tann...

Pozitivite nan Kὸ a- Pope Mama ak Chichi nan Kiraso

17 jen

 

Pozitivite nan Kὸ a- Pope Mama ak Chichi nan Kiraso 

Sa yo se pope Mama ak Chichi nan zile Kiraso – E yo mayifik anpil! Toupatou kote w pase nan Kiraso, ou pa ka pa wè de pope sa yo ki chita yonn kote lòt. Figi anblematik sa yo se yon egzanp tangib de kilti rejyon an ak pozitivite kòporèl ke yo montre. 

Gade pou wè manman, li kontan, abiye ak koulè cho ak pitit li. Pope Chichi reprezante gran sè Karayib la, gwo, fyè e fò. Li se gran sè chalerèz k ap soutni manman epi pran swen frè ak sè ki pi jèn yo. 

Hortense Brouwn te kreye anpil èstati ke w ka wè nan rejyon an. Estati li yo fèt an bwonz an jeneral yo chita trankilman sou yon kolin. Anfèt, anpil vizitè zile yo ap chita pale epi pale ak èstati yo. Yo parèt tèlman reyèl, epi yo montre  divèsite kilti ak gwosè fanm nan Karayib la. 

Zèv da yo ke atis Gèmano-Karibeyen Serena Israel kreye yo se yon egzajerasyon de fòm feminin. Pope sa yo fèt nan yon fason kote w ka vwayaje ak yo byen fasil. Moun nan Kiraso ak Karayib la renmen moniman sa yo anpil. Apretou, Mama ak Chichi louvri de men yo ak kè kontan ap tann tout moun. 

Chak Mama ak Chichi yon jan diferan, menm jan ak tout fanm nan zile Karayib la ak nan lemond antye. Men gen yon bagay k ivre nan tout èstati yo, ke yo gran ke yo piti. Yo gen fòs, eritaj ak afeksyon pèp Karayib la. 

Enpòtans pozitivite Kòporèl 

Vrè sans Mama ak Chichi chita nan ede pataje yoni maj kòporèl pami moun ki sou zile yo pandan y’ap montre ke kò pa gen anyen pou wè ak nanm yon fanm. Fanm gen tout fòm, tout wotè ak koulè men lanmou ak bonè depase nòm yo. Mwen panse ke w ap dakò, e se sa menm ke nou dwe montre a jenm fanm yo, nenpòt kote y ap viv. 

Nou tout ka aprann nan men moun Kiraso yo nan anbrase mayifik sè nou yo kip a sanble ak kenn lòt epi simaye bonè yo. 

SOUS: Curacaoactivities.com, Uncommoncaribbean.com, bbc.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.