Souple tann...

Semèn Wonm nan Bonaire" Mwa Jen 2022.

25 mas

 

Semèn Wonm nan Bonaire" Mwa Jen 2022.

Moun  k ap viv sou zile  "Bonaire" a renmen òganize festivite. Nan sans sa, yo ajoute yon nouvo evènman ki rele "Bonaire Rhum Week" ki gen pou fèt nan dat 14 pou rive 17 Jen ane sa a.  

Jounal karayibeyen ak kòporasyon sou kesyon touris deja mete tèt yo ansanm pou yo kòmanse ak tradisyon anyèl sa. Kote, yo pral vini ak konkou sou kòktèl, dekouvri lòt "wonm", òganize evènman sou siga, valorize kwizin lakay yo  ak anpil lòt festivite bò lanmè elatriye. 

Anplis, nan aswè se "Rhum de Rincon" , ki se "wonm" zile a k ap bwason k ap alonè. 

Ojektif selebrasyon sa se pou atire anpil touris vin vizite ak reveye konsyans abitan zile a yon lòt fason. 

Sou zile a, touris k ap la yo ap ka patisipe nan yon gwo jwèt k ap chita sou plonje nan lanmè, kòman nou ka pwoteje anviwònman an pi byen ak nan tout lòt aktivite espòtif k ap chita sou natasyon w te ka reve patisipe. 

Lè w santi w grangou, ap genyen manje lokal disponib pou w fè tèt ou plezi, tankou ragou ak vyann kabrit ak krèp  espesyal. 

Alexander Britell, ki se chèf redaksyon ak editè jounal karayibeyen te pale konsa : "Nou kontan anpil pou nou òganize yon evènman konsa ak wonm meyè kalite sou youn nan zile ki pi otantik, ki natirèlman bèl e ki gen anpil bèl kote nan anviwònman pou moun eksplore. "Bonaire" genyen depi lontan yon kwizin monn la rekonèt pami meyè kwizin yo, e semèn divètisman sa kote p ap manke "wonm" menm, se ap pi bon moman pou touris vin vizite zile a e fè nouvèl eksperyans, pandan nou pral pwofite leve pi wo zile a ak resous li genyen yo. 

Si w enterese pou w asiste nan evènman sa, ap genyen plizyè vwayaj nan avyon depi Etazini pou rive sou zile a. Lè w rive w ap ka jwi tout sa zile a genyen pou l ofri, tanperati twopikal la, bon ti van fre k ap soufle pandan w nan plaj anba bon solèy, kontanple devan lanmè a ak vag yo. Epi tou, eske m te sonje pale sou wonm nan ? 

"Menm si w vizite nou yon sèl fwa w ap toujou rete yon zanmi pou nou", zanmi k ap vin pase kèk jou sou zile a nan moman gwo festivite sa, ap ka pwofite byen savoure wonm, nan festivite anyèl sa pou zile "Bonaire". 

SOUS: Travelawaits.com, tourismbonaire.com, bonairerumweek.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.