Souple tann...

BOOM ENERGY DRINK Ap Bati Kay nan Jamayik

08 avr

 

BOOM ENERGY DRINK Ap Bati Kay nan Jamayik  

BOOM Energy Drink te kòmanse an 2010, li te vin premye bwason enèji ki fabrike nan Jamayik a 100%. Depi lè sa a, li pa sispann grandi epi l ap pran mache bwason enèji a. Koulye a, non sèlman y ap fè bwason, men yo parèt nan tout jounal tou.  

BOOM Energy Drink te mete ansanm ak FFP (Food for the Poor) pou konstwi kay! FFP se yon òganizasyon kretyen ki baze nan Coconut Creek, Florida, Etazini. Yo travay pou yo bay pòv yo manje, abri ak medikaman nan amerik Latinn ak karayib la. Epi kounyea yo mete fòs yo ansanm pou fè plis byen toujou.  

Premyèman, an 2021, BOOm te bay jamayiken 10 kay pou 10yèm anivèsè konpayi bwason an. Nan dat 10 mas 2022 a, de konpayi yo te gen chans pou yo te kapab remèt kle yo bay kat benefisyè adisyonèl. 

De nan moun ki resevwa kay yo se”’ Joan Willie””, yon travayè lapòs retrete, ak “”Vincent Richards””, yon travayè sik retrete.  

Jan Tamara Ward, manadjè senior maketinn ak relasyon piblik nan wisynco di: “Pandan 10 ane nou yo, BOOM te etabli tèt li kòm bwason enèji nimewo 1 nan Jamayik. Konsomatè BOOM nou yo  se yo ki vrèman ede  tout moun nou kapab ede yo; donk sa se yon mèsi pou Jamayik  .” 

BOOM, Wisynco ak Food for the Poor, nan objektif pou vinn yon lidè sou mache a, ap travay ansanm ak plizyè lòt gwoup pou amelyore lavi moun nan karayib la, yon sèl kay ak yon fanmi alafwa. 

 

SOUS: Wisynco.com, Jamaica.loopnews.com, wilipedia.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.