Souple tann...

Alètman: Chimen k ap Bay Karayib la yon Meyè Sante

25 out

Alètman: Chimen k ap Bay Karayib la yon Meyè Sante 

Anpil deklarasyon ke CARPHA te pibliye sa pa gen lontan ankouraje manman yo nan Karayib la pou bay bebe yo tete pou ka amelyore sante timoun yo nanp Karayib la. Edikasyon fiti jenerasyon Karayib la ka depann de pratik sa. 

Doktè Joy St. John se direktris egzekitif Ajans sante piblik. Li te fè deklarasyon sa : 

"Alètman matènèl sèlman pandan 6 mwa ap pwofite a timoun yo, manman an, fanmiy lan, kominote a, peyi a ak anviwònman ; savle di, tout moun konnen alètman matènèl se yon bon strateji pou atenn objektif rejyonal ak mondyal pou sa k gen pou wè ak sante, nitrisyon, sekirite alimantè, kwasans ekonomik ak dirablite anviwònmantal. 

Ebyen sa ka vin yon bagay ki byen laj paske lidè toupatou nan mond la nan zafè sante ak byenèt dakò. Akademi Pedyat Ameriken an ap bay lide sa jarèt. 

"Avantaj medikal ak pou anviwònman ak newodevlòpman a kou e mwanyen tèm fè alètman oubyen bay lèt manman yon enperatif sante piblik. Akademi Pedyat Ameriken (AAP) rekòmande pou bay lèt manman sèlman pandan anviwon 6 mwa apre bebe a fin fèt" - AAP. 

Me sa UNICEF de deklare : 

"Alètman aji tankou premye vaksen pou yon bebe, li bay pwoteksyon li bezwen kont maladi ak lanmò." - UNICEF. 

Òganizasyon Mondyal pou laSante (OMS) soutni rezilta sa yo. Alòs kisa w ap tann, ou ka mande ? 

Desizyon pou bay tete 

Pandan ke desizyon pou bay timoun yo tete se yon bagay pèsonèl, pratik sa a genyen anpil enplikasyon sosyal epi tou enfliyan kiltirèl peze anpil sou li. 

  • Etid yo montre ke fanm ki gen mwens ke 20 lane plis pa vle bay timoun yo tete.
  • Yo siyale edikasyon manman yo kòm yon faktè nan desizyon pou bay timoun yo tete.
  • Manman nan kilti afriken ak aziatik plis bay timoun yo tete ke manman ameriken ak brianik yo.
  • Opinyon negatif ak kèk lòt dezagreman se faktè ki enpòtan tou.

Men tou, nou pa dwe inyore ke gen kèk fanm ki ka pa kapab bay bebe yo tete akoz doulè, enfeksyon, pran tete a ak pwodiksyon lèt la. 

Ta sanble ke sansibilizasyon ak akseptasyon se kle pou ogmante kantite bebe ke y ap bay tete ak sante jenerasyon fiti yo. Sila yo ki deside pou yon rezon ki pa medikal renonse non sèlman a eksperyans lan, ak bon jan lyen ak bebe a, men tou ak bonjan avantaj pou sante bebe yo. Sepousa ajans tankou CARPHA, OMS, UNICEF ak 'AAP pran bon jan mezi pou fè mesaj la pase. 

SOUS: UNICEF.org, thecaribbeannewsnow.com, AAP.org, the Global Health Network


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.