Souple tann...

Rajah Caruth, pilòt. Karayibeyen- Ameriken, Afiche Mak, Sen Vensan ak Grenadin.

25 jiy

 

Foto : Koutwazi @MHPhoto  

Rajah Caruth, pilòt. Karayibeyen- Ameriken, Afiche Mak, Sen Vensan ak Grenadin. 

Jou ki te 8 Jen 2022 a, rev Racing ( operatè epi responsab pilòt yo nan seri ARCA Menard, seri ki pase ebdomadè NASCAR advance auto parts ak yon inisyativ kous pou jèn yo) te anonse, ekip la ak pilòt li NASCAR Drive for diversity development Rajah Caruth ta va genyen pou yo asosye yo avèk otorite nan sektè touris la nan Sen Vensan ak Grenadin nan okazyon mwa nasyonal patrimwan Karayibeyen ameriken an. (tobychristie.com). 

Pandan tout mwa Jen an, Caruth, Karayibeyen ameriken ki nan dezyèm jenerasyon ak pilòt nan kous otomobil etwal k ap monte yo, ap fè mak zile Sen Vensan ak Grenadin nan kouri sou devan ak deyè chevwolè #6 li a ( arcaracing.com). Mwa nasyonal patrimwan Karayibeyen ameriken an ki vize pou rekonèt kontribisyon tout pèp Karayibeyen ameriken yo ak aprann davantaj sou kilti yo ak istwa yo.( nationaltoday.com), selebre ofisyèlman nan peyi Etazini, chak ane nan mwa Jen depi nan ane 2006. Selon rev Racing, "Patenarya sa ak otorite yo nan sektè touris la nan peyi Sen Vensan ak Grenadin se yon platfòm solid pou n kontinye selebrasyon an epi rann patri Rajah a yon omaj byen merite"(caribbean.loopnews.com). Pandan tout mwa Jen an, Caruth ap genyen pou l kondwi mak Sen Vensan an nan twa kous nan seri ARCA Menard a : iowa speedway, youn apre lòt. "Inisyativ parenaj sila a espere kapte atansyon sou nasyon ki twouve li nan achipèl Sen Vensan ak Grenadin pandan y ap pozisyone tankou zòn nan Karayib la, w ap chèche pou w vin pase vakans ou" arcaracing.com). 

Anplis, nouvo parenaj sa tou ap ajoute yon lòt nivo enpòtans nan pwogram devlopman pilòt drive for diversity pou NASCAR. Jodi a, pwogram nan pa sèlman reprezante patisipan li yo nan pwogram konpetitif, li pèmèt tou pou chak pilòt minoritè valorize eritaj respektif yo nan espò sila. (caribbean.loopnews.com). 

Menm kote a tou, "Pdg touris otorite a, Glen Beache, te deklare li te kontan pou l kore pwogrè Caruth nan NASCAR, e li te rete kwè patenarya sa ta pral benefik pou tou de pati yo e pral mete Sen Vensan ak Grenadin nan tèt klasman nan chwa zòn touris ap anvi vin vizite nan Karayib la gras fanatik yo ak òganizasyon NASCAR a, yo tout ansanm" (caribbean.loopnews.com). 

Caruth te fèt nan vil Atlanta, nan Djòdji, papa l soti nan zile Sen Vensan, manman l soti nan zile Babad. Li pa sèlman patisipe nan kous men tou li se yon etidyan ki nan dezyèm ane nan inivèsite leta Winston Salem, kote l ap espesyalize li nan jesyon otomobil pou espò. (en.wikipedia.org.) 

 

Sous: 

arcaracing.com 

caribbean.loopnews.com 

en.wikipedia.org 

nationaltoday.com 

tobychristie.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.