Souple tann...

Yo dekouvri yon simetyè nan karayib la nan Sen Estach

29 jen

Yo dekouvri yon simetyè nan karayib la nan Sen Estach

Akeolὸg ki t ap fouye nan Sen Estach zile neyalandèz Karayib la dekouvri yon simetyè esklav ki date depi XVIIIe syèk. Devwalman sa ka kondwi a yon pi bon konpreyansyon travayè yo nan plantasyon kote yo te esklav nan epὸk la. Jiska prezan yo jwen èskèlèt 48 moun e se gason pi fὸ nan yo ye, y ap chache toujou e yo espère jwenn plis pase 100. Se ka pi gwo dekouvèt ki fèt nan Karayib la jiska jounen jodia. 

Alexandre Hinton ki nan sant rechèch akeyolojik nan Sen Etach te di : 

« Nou prevwa ke kantite moun ki antere isit la ap depase sit sepilti ke yo te dekouvri nan Newton plantasyon nan Lababad, kote 104 esklav afriken te antere. Se yonn nan pi gran sit ke yo pa janm dekouvri». 

Ansyen plantasyon sik sa te rele Golden Rock Plantation, e se yon sit kote yo pral agrandi ayewopὸ a. Man Hinton di ke fouy la depase tout atann ke yo te genyen. Yo te jwenn pyès lajan, pèrl, asyèt an seramik ak pip tabak nan sepilti yo. Ekskavasyon bagay sa yo pèmèt gen yon ide anlis de lavi moun sa yo. 

Gade byen, sila yo ki gen pouvwa pou ekri sou esklav yo nan epὸk la. Yo ka te nan erè oubyen limite. Gras ak rechèch sou ADN ak analiz izotὸp stab, syantifik yo ap ka detèmine orijin, rejim alimantè ak maladi ke moun sa yo te konfwonte, jis pou fὸme yon istwa ki pi konplèt. 

Listwa se yon pouvwa lè se pou lite kont maladi mantal ak nὸm popilasyon . aprann kiyès endividi sa yo te ye, kote yo soti ak kilti yo a travè listwa ka aprann nou bagay sou pase yo epi sou direksyon desandan yo ta ka pran. 

 

Sous: Apnews.com et drgnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.