Souple tann...

Mank dlo nan Karayib la

28 me

 FotoKoutwazi mblach 

Mank dlo nan Karayib la  

Daprè Garth Saunders  , PDG santral Water and Sewerage (CWSA) , teritwa Karayib oryantal nan Sent Lisi, Sen Vensan , Grenad ak Babad ap soufri paske manke dlo akoz sechrès ki gen konnya la e enpak negatif  de eripsyon volkanik laSoufriyè . 

Saunders Rapote ke sosyete dlo ak egou Sent Lisi (Wasco) tanmen rasyone dlo nan distrik chwazèy e pote dlo a nan kamyon bay kliyan yo nan vilaj yo (searchlight.vc).  

Sen Vensan pèdi kat sistèm dlo nan zòn rouj akoz kontaminasyon Sann volkanik ak fli piroklastik eripsyon volkan Soufriyè. Uit sous dlo ki rete konya gen plis chaj sou do yo. Akoz demand yo ki ogmante sa vin fè yo oblije planifye pou fè ti kanpe chak jou sou sistèm Montréal ak Dalaway (searchlight.vc) Entèripsyon sa yo afekte plizyè vilaj nan pati sid zile a (searchlight.vc). 

Nan Grenade, National Water and Sewerage Authority (NAWASA) deside kanpe chak swa sou rezo ki bay dlo nan Munich ak Mardi Gras e entèripsyon lajounen ak lanwit sou rezo Petit Etang (searchlight.vc). NAWASA avèti sitwayen yo sou paj Facebook (fesbouk) li ke sitiyasyon sa a ka chanje a nenpt moman san yo pa avèti pèsn (searchlight.vc) epi raple konsomatè yo ke yo gen responsablite pèsonèl pou stoke kantite dlo ke yo ka bezwen (searchlight.vc). 

Gouvènman Babad la tou ke sann vlkanik ki soti nan eripsyon Lasoufriyè frape fè konnen ke yo gen yon defisi dlo, e yo pral enpte dlo soti la Guiyane ak la Dominik pou konble defisi a (searchlight.vc). 

Saunders souliye ke defisi dlo sa ki nan rejyon an se rezilta sechrès istorik ane pase a ki te pwovoke yon mank dlo ak yon rasynman nan anpil peyi ensilè nan Karayib la, tankou Jamayik, « tè dlo » ak Ladominik, « tè ki chaje flèv”. (searchlight.vc). 

Paske gen rate dlo, Saunders fè apèl a tout gouvènman e popilasyon nan Karayib la pou repanse valè dlo genyen, ke yo dwe dispoze pou ankete sous divès sous dlo ki bon, epi dispoze pou peye lajan anplis chak mwa pou evite defisi dlo. 

Sous: 

 

searchlight.vc 

thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.