Souple tann...

Somè Lajenès Nan Karayib la Nan 2023.

20 des

Somè Lajenès Nan Karayib la Nan 2023. 

Somè lajenès nan Karayib la 2023 a te dekri kòm yon evènman ki chanje lavi. Pandan evènman sa tèm sou vyolans lakay jèn yo, kèk moun k ap viv avèk VIH, eksklizyon ki fèt sou fanm ak tifi, kèk koz sou pwoblèm sante mantal ki gen pou wè avèk vyolans seksis ak kèk lòt gwoup ki majinalise te abòde. 

Somè sa te long anpil epi edikasyon ak sansibilizasyon ki t ap miltipliye yo te benefik pou patisipan yo. Kèk pami sijè ki te abòde yo : 

Vyolans lakay jèn yo nan Karayib la. 

Youn pami kesyon ki te abòde yo sèke Karayib la ak amerik latin fè pati rejyon ki pi vyolan nan mond la. Genyen omisid lakay jèn yo ak jèn adilt yo, sa ki koz kèk pwoblèm sante piblik ki patikilyèman ijan. Genyen jiskaprezan yon ti kras rechèch ki fèt sou lyen ki egziste ant omisid yo ak pwoblèm sanble yo ak estatistik yo. Gen yon etid ekolojik avèk yon estimasyon omisid lakay granmoun yo soti 2010 pou rive 2016. Apati etid sa yo konstate gen yon pousantaj omisid sou 100 000 moun ki gen ant 15 pou rive 24 lane te nan 76,9 pousan lakay gason yo ak 6,7 pousan lakay fanm yo. Fouchèt yo avèk laj yo varye men tout pousantaj yo siperyè parapò nòmalite a. E sanble li ankò pi wo nan peyi Brezil, Kolonbi, Meksik, Salvadò, Ajantin, Chili, Pewou ak Panama.  

Eksklizyon Ki Fèt Sou Fanm Ak Tifi. 

Medam yo konsidere yon fason ki pa nan avantaj yo, dwe reprezante avèk yon patisipasyon ki egal nan konsèy planifikasyon ak priz desizyon yo. Fanm ak tifi ki majinalise nan tout rejyon Azi pasifik la riske lage pou kò yo, patikilyèman pandan repriz apre pandemi an. Fanm ak tifi yo bezwen yon bouch ki pale fò ak yon pi gran patisipasyon nan priz desizyon yo. 

Swen Pou Lajenès Karayibeyen An Pou Demen. 

Rechèch la te abòde timidman sijè kritik sa yo. Vyolans lan lakay jèn yo, moun k ap viv avèk jèm VIH, eksklizyon kèk fanm ak kèk tifi, koz kèk pwoblèm sou sante mantal ki lye avèk seksis ak kèk lòt gwoup majinalise se kèk sijè k ap kontinye nesesite kèk rechèch ak yon soutyen enpòtan bò kote kominote yo. 

Avèk efò san kanpe sa yo ak somè sa yo ki vize jèn yo sitou sou zile yo, sansibilizasyon an ak edikasyon an ap evolye nan direksyon chanjman. 

SOUS: www.today.caricom.org, www.youth.gov, asiapacific.unwomen.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.