Souple tann...

Selebre fèt pak nan Karayib la.

16 mas

Selebre fèt pak nan Karayib la. 

Karayib la ap selebre fèt pak pou sezon karèm ak peryòd fèt yo. Karèm nan se sis semèn ki vini avan fèt pak lòske moun ki kretyen yo respèkte tradisyon yo. Tankou sa fèt nan anpil lòt peyi, pak nan Karayib la rekonèt sakrifis Jezi te fè sou kwa a, lanmò ak rezireksyon li.

Pandan ane yo ap pase, tradisyon sa yo chanje lejèman. Men nan Karayib la fèt pak selebre nan menm nivo ak fèt nwèl an Amerik. Me kèk selebrasyon fèt pak nan Karayib w ap gen anvi konnen si w ta prevwa vwayaje sou zile yo pandan vakans pak la. 

Tradisyon kilinè fèt pak. 

Karayib la genyen kèk tradisyon sekilè, yo òganize kèk selebrasyon kolore epi manje kèk nouriti delisye. Nan sa ki konsène fèt pak, gen kèk manje yo evite manje ak sa yo rantre nan selebrasyon sakrifis Jezi a. 

Manje pwason Vandredi sen an: Jou Vandredi sen an, nan Karayib la se sèlman pwason yo konsome kòm repa. E jou sa, yo evite manje vyann bèt. Oken bèf, mouton oubyen poulè pa kwit pou asire yo genyen vyann sifizamman pou wikenn pak la. 

Hot cross buns : Hot cross buns se yon tradisyon ki make ak yon kwa koulè blan. Ak ti pen delisye ki gou epi sikre, melanje ak kanèl ak epis. Diferan pati nan chiyon an ki reprezante krisifiksyon Jezi a. 

Aktivite familyal pou fèt pak. 

Kase ze : Nan kèk rejyon nan Karayib la, kwayan yo kase yon ze fre deyò kay yo a 1 è presi epi yo plase yon resipyan ki gen dlo beni sou li. Epi, selon yo menm, yon modèl pral fòme, ki predi lavni. 

Defile fòlklorik : Kit ou kwè l oubyen non, defile sa se dezyèm pi gran defile ki òganize sou zile yo nan Karayib la - e yo genyen plis defile ! Pandan defile fòlklorik la, lari a transfòme epi moun yo rasanble pou yo danse ak selebre rekòt la. Abitan yo pral degize yo avèk kostim fòlklorik ki alafwa kolore ak divèstisan. 

Sèvolan.: Sèvolan se yon senbòl rezireksyon ak asansyon Jezi Kris nan syèl la. Anpil sèvolan fabrike avèk kèk dizay kreyatif epi yo pilote pandan wikenn pak la lòske tan an cho epi van yo pafè pou aktivite a. 

Pa gen aktivite nan plaj Vandredi sen. 

Touris yo pa tèlman renmen tradisyon sa. Poutan, gen yon lejann ki di si w mete pye w nan lanmè yon jou Vandredi sen w ap tounen pwason. Men se pa tout moun ki aksèpte konsèp sa, men sa ta vle di si w ale nan plaj yon jou Vandredi sen, sa pa pote chans. Kit ou chwazi pou w patisipe ak selebre avèk Karayib la oubyen pou w konpòte w tankou espektatè, se an efè yon moman amizan pou w vizite zile yo nan Karayib la. 

SOURCES: www.endlesscaribbean.com, www.keycaribe.com, www.caribbeanintellegence.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.