Souple tann...

Fete Madigra nan Karayib la

28 fev

Fete Madigra nan Karayib la 

Pwiske kounya moman vakans yo fini, moun nan tout mond la kòmanse ap planifye kèk aktivite amizan anba solèy. Mete soulye dans ou nan pye w pandan w ap reflechi sou sa paske se moman Madigra nan Karayib la. 

Selebrasyon edonis kòmanse jou Madigra, ou pral asiste asireman yon selebrasyon ki pa tankou lòt yo. Ebyen, si w ta vle fè pati yon eskperyans kote w pral toujou sonje l pandan tout vi w, konsilte kalandriye w epi kòmanse planifye vwayaj ou nan Karayib la nan Fevrye oubyen nan Mas. Paske Madigra 2023 kòmanse Madi 21 Fevrye. 

Ki sa ki Madigra a ? 

Anpil nan istoryen yo panse premye kanaval te kòmanse sou zile Trinidad lòske Katolik fransè yo ak panyòl te entegre sa k rele Madigra a sou zile a . Nan preske menm epòk la, Afriken yo t ap selebrasyon liberasyon anba chèn esklavaj, li vin devni plis pase yon senp selebrasyon nan moman karèm. Li vin alafwa yon relijyon ak yon selebrasyon libète. 

Aktivite yo nan Karayib la. 

Men sa w ka espere jwenn sou zile sa yo, si w ta chwazi selebre ak moun k ap viv nan Karayib la. 

Trinidad : Trinidad se manman tout selebrasyon kanaval yo, patikilyèman Madigra. Anfèt, se yo menm ki òganize pi gran fèt la. Moun k ap fete yo ranpli lari a pandan yon defile ki fèt sou de jou youn dèyè lòt, kote yo poto bèl kostim. Chanm otèl yo deja ranpli yon ane avan aktivite sa, alò, fè rezèvasyon w pi bonè si w ta swete vizite Trinidad. 

Repiblik Dominikèn : Selebre nan Repiblik Dominikèn tèlman pote vi ak koulè. Pwofite kèk defile chak Dimanch pandan tout mwa Fevrye a, nan tout peyi a. Moun k ap fete yo mete kèk kostim kolore avèk plim ak kèk etensèl pandan y ap adòpte rasin Afriken yo oubyen endijèn Tayino pandan y ap pote kèk rad tradisyonèl. 

Pòtoriko : Madigra nan Pòtoriko rekonèt sou non "Carnival Ponceno". Kote sid la ap selebre kèk tradisyon ki gen rasin yo jis nan peyi Espay. Selebrasyon yo dewoule pandan tout semèn nan avan Mèkredi jou kanaval boule a epi yo tèmine ak kèk fineray simile, epi yon fèt pandan tout nwit la. 

Senvensan ak Grenadin: Pou kòmanse, selebrasyon sa te konn òganize kèk jou avan karèm. Poutan, kounya, li selebre pandan sezon ete depi kòmanse nan mwa Me. Kote w ap jwenn kèk festival nan lari ki gen mizik tandans kalipso, kèk defile ak kèk fèt, pandan w ap koute kèk espektak ak tanbou an asye. 

Zile Kayiman yo : Kòmansman selebrasyon Madigra sou Zile Kayiman yo se youn nan selebrasyon kanaval ki pi resan nan Karayib la. Ansanm yo selebre siksè viktwa Afriken an nan mwa Me. Tradisyon Madigra nan Karayib la petèt fenk kòmanse nan Kayiman, men li pral devni asireman yon kanaval pi gran pase jan l te pran nesans la. 

SOUS: tripsavvy.com, www.travelchannel.com, www.islands.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.