Souple tann...

Selebrasyon Fèt Endepandans SenKit e Nevis an 2022

04 des

Selebrasyon Fèt Endepandans SenKit e Nevis an 2022 

SenKit e Nevis selebre 39yèm  ane endepans li le 19 sektanm ak tout festivite ke sa mande. Mizik, defile ak anpil dans, nasyon Karayib yo rejwenn Kitisyen ak Nevizyen yo pou selebre. 

Pou asire yo ke moun yo pa janm bliye pase yo, yo sèlman sonje jou ki esansyèl yo tankou jou ke yo te pran libète yo anba men men GrannBretay nan lane 1983. Byen ke yo toujou fè pati  de Commonwealth, zile yo ap byen fete nan moman sa. 

"Resantre, Rekreye, Rekonsevwa : Endepandans 39" 

Lavèy, gen yon konsè pou te anonse fèt nasyonal la an bote. Ak yon diskou Premye Minis la, yon defile militè ak fanfa, festivite yo kòmanse 19 nan maten. E se pa yon ti defile piti- alòs pa panse w ap gentan rantre lakay avan dejene. Fèt la ap kontinye diran Festival la pandan 2 jou. Epi nou tout konnen festival la pap konplè san spektak  kalipso, konsè, kostim, dans kolore ak anpil lòt bagay ankò. Epi, se se yon vèsyon tou piti de Carnival. 

Patnè Kominote Karayib la (CARICOM) jwenn yo ansanm pou felisite onorab Premye Minis la pou tout sa zile yo akonpli pandan dènye ane sa yo. Yo eksele nan domèn diplomasi ak inivèsite, ansanm ak nan milye spò. Epi sou Premye Minis Onorab Terrance Drew anpil moun pran konsyans de pwoblèm sosyal yo epi fè anpil pwogrè. 

Epi n pa dwe bliye remèsye Xavienne Roma Richardson nan Senkit e Nevis ki se ekip ki te genyen konkou tèm ane a. Ak gwo lo sa epi yon chèk, yo panse ke yo pare pou reenvante rejyon yo epi pwospere ankò. 

Me, " Resantre, Rekreye, Rekonsevwa :Endepandans 39". 

SOUS: officeholidays.com, stkittstourism.kn, today.caricom.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.