Souple tann...

Selebre Endepandans Antigwa ak Babouda

24 nov

Selebre Endepandans Antigwa ak Babouda

Kominote Karayib la kontre nan Antigwa ak Babouda nan selebrasyon 39yèm anivèsè endepandans li. Tèm yo pou ane sa se "Yon sèl Objèktif, Yon sèl Vizyon, Yon sèl Nasyon," yon seremoni vityèl kote yap monte drapo te akeyi nan yon fason ki byen cho pa tout moun ki t’ap gade selebrasyon an.

Pandan yo pran endepandans premye novanm 1981, Linyon Jack la te ranplase pa drapo Antigwa a epi im nasyonal Antigwa a te chante. Pou yo selebre , nòmalman zile yo anjeneral oganize yon fèt pou yon selman ak manje, festival, defile ak lòt ankò. Nan tan pandemi mondyal la, yo ankouraje selebrasyon vityèl yon fason pou pwoteje moun ki nan zile jimo yo.

Reyini kòm zile jimo ak kominote Karayib la pa te janm tèlman enpòtan menm jan li ye kounye a nan 2020 an moman Covid la. Ankouraje yonn lòt se yon pati esansyèl nan soutni pwogrè chak peyi Karayib la fè.

Sekretè Jeneral, Anbasadè Irwin LaRocque nan CARICOM (Kominote Karayib la) voye yon mesaj ankourajan bay Premye Minis Mesye Gaston Browne, me sa li di.

"Antigwa ak Babouda te fè pwogrè ki atire anpil atansyon nan 39 dènye ane sa yo, ki se rezilta travay di yon pèp moun ki detèmine nan demand yo pou kwasans, devlopman dirab ak byennèt peyi a."

Kòm Premye Minis lan te adrese telespektatè yo nan seremoni vityèl monte drapo a, li te ankouraje pèp la kontinye ak efò pou rebati kominote a epi selebre ak responsablite. Avèk Pwotokòl Covid-19 lan anplas, klima selebrasyon an trè diferan, San pa gen okenn dout. Men, pèp la ak kè Antigwa ak Babouda pa chanje.

 

KREDI:

antiguanice.com

visitantiguabarbuda.com

thecaribbeannewsnow.com

Youtube.com


Konnen plis bagay sou Antigwa ak Barbuda? Fè nou konnen! Nou ta renmen tande.