Souple tann...

Lwe Yon Vwalye Nan Karayib La.

12 jan

Lwe Yon Vwalye Nan Karayib La. 

Ou ta swete pase kèk vakans egzakteman jan w ta swete l la? Kote ki pa gen anpil moun, selon anplwa tan w, yon chèf pèsonèl ak plis ankò nan mitan Karayib la. Me yon ekselan lide. Monte abò pwòp katamaran w 50 pye. Wi, ou ka lwe yon vwalye nan Karayib la. 

Ekonomize lajan w ta pral depanse pou w ale nan pak ak tèm yo ak rezève vwayaj sa nan vwalye kòm yon vakansye, doktè Kotchick ak madam li. 

Doktè Kotchick te deklare : «Pou pri a menm, vwayaj la te reprezante, pou yo yon foli abòdab, yon 20000 dola anplis. "Se pa t vrèman gran choz anplis vakans eklatan yo nan Disney World nou te konn pran lè nou te pi jèn oubyen timoun ». Li te ajoute pou l di gen de lòt moun ki te rejwenn fanmiy lan pandan vwayaj la, "Sa te rann vwayaj la pi amizan". 

Ou pare pou w monte abò? Sa se kèk sijesyon w dwe pote avèk ou lòske w pral avantire nan Karayib la. 

Tou Dabò, Planifye Jounen W. 

Divètisman yo sou kataraman nan diferan parapò avèk sa w ap imajine men li pi egreyab tou. Reveye w avèk yon ti dejene chèf pèsonèl ou prepare epi dine nan dèyè bato a pandan w ap admire bèl peyizaj. Apre sa, mande ekipaj la pou yo soti flotè yo ak jet eski ak pase apre midi w ap pwomennen sou dlo, sa sanble bon? Men sa se kòmansman an. 

Pwofite yon piknik sou plaj annatandan solèy la kouche. Kounya li tan pou w retounen sou bato a. W ap gen tout tan w pou w rafrechi w epi prepare pou dine espesyal ou te mande. Laplipa nan tan an, anpil animasyon konn pwopoze apre dine a si w swete sa. Sinon, sote nan beny ak remou oubyen enstale nan kabann kabin konfòtab lòske w santi w pare. Sa se pwòp tayming ou sou yon katamaran. 

Pwofite Plizyè Aktivite Abò Bato A. 

"Kèk pami kliyan nou yo prefere espò aktif yo, tandiske gen lòt ki prefere detann yo avèk yon liv oubyen al vizite restoran, ba ak sant vilejyati atè", Carlos Andrade te deklare. Kapitèn Andre ak madanm li, segon epi chèf, Maribel Ramirez, òganize kèk vwayaj nan Karayib la ak lòt kote. Y ap resevwa envite depi plis pase trant an, sa pa gen lontan nan yon katamaran yo genyen ki mezire 44 pye, Alize. "Men yo tout renmen anplennè ak senpleman twouve yo pre dlo a." 

Lwe yon vwalye nan Karayib la pou ane 2024 la epi pase vakans ou avèk estil. 

SOUS: www.nytimes.com, www.travel.com, www.mainsailcharters.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.