Souple tann...

Kèk bagay ou ka genyen apre w fin pran vaksen COVID-19

05 me

Kèk bagay ou ka genyen apre w fin pran vaksen COVID-19  

Nou si tèlman gen chans pou jwenn yon vaksen, menm twa, ki kreye epi separe nan lemond antye. Li esansyèl pou moun k ap pran vaksen COVID-19 la konnen efè yo ka genyen apre trètman an.  Genyen nan efè segondè yo k ap disparèt nan kèk jou. Se yon moman ideyal pou w pran ti repo apre w fin pran vaksen an.  

Efè ke w ka genyen apre w fin pran vaksen COVID-19 

Reyaksyon ki kreye yo montre se yon bon bagay, sa pwouve ke vaksen an ap travay nan wou. E kèk moun ka pa menm santi anyen. Kèlkeswa moun ou ye, genyen reyaksyon nὸmal ki montre ke kὸ w ap goumen pou iminize w. Li lè tou pou w ta rele doktè ou. Me kèk reyaksyon ki ka rive :  

  • Doulè nan zὸn kote enjeksyon an te fèt la; 
  • Anlè ponyèt la gonfle;  
  • Yon ti fyèv; 
  • Frison; 
  • Fatig; 
  • Tèt fè mal. 

Si w santi efè segondè sa yo, pale sa ak medsen ou sou medikaman kont doulè ou ka pran. An plis, ou ka eseye remèd tradisyonèl sa yo :  

  1. Bwèanpil likid.  
  2. Aplikeyon gan twalèt pwὸp, fre yon tijan mouye sou kote ki gonfle a.  
  3. Bouje,itilize ponyèt ou jou enjeksyon an. 
  4. Mete rad ki pa jennen w nan mouvman.  

Kilè w ka rele doktè a?  

Pasyan ki te pran vaksen an dwe rele doktè si l twouve l nan yonn nan sitiyasyon sa yo. 

  • Si kote w te pran vaksen an wouj, sansib, epi kontinye gonfle. Epi si nan 24 è mak li pa kὸmanse disparèt.  
  • Li t ap pi bon pou w rele doktè si efè endezirab yo fèw pè, oubyen si yo pa disparèt apre kèk jou.  
  •  Si w panse ou fè alèji, rele sèvis ijans byen vit.  

Karayib la fyè pou amelyore efὸ k ap fèt nan sante ak byenèt nan bay vaksen COVID-19 a moun ki elijib pou sa.  

Anplis, si w ap resevwa vaksen an, asire w ke w swiv pwotokὸl sante ak sekirite jou randevou a. 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.