Souple tann...

Sekirite nan Kwazyè 101

07 fev

Sekirite nan Kwazyè 101  

Lè a rive pou palnifye vakans ? Si w anvizaje pou w pati nan kwazyè pou premye fwa, sa ka rive w enkyete oubyen w ap poze tèt ou anpil kesyon sou sekirite a. Genyen kèk eleman diferan pou w konsidere lè w ap pran yon desizyon konsa. Ebyen, pou nou reponn ou selon sa k ap preyokipe lespri, kontinye li sou sekirite a nan kwazyè 101. 

Sekirite nan kwazyè yo : kèk preyokipasyon ki gen lyen avèk KOVID la 

Ak dènye ane KOVID yo, nou tout gen yon jan pèdi akoz enfòmasyon ak dezenfòmasyon k ap sikile yo. Bon nouvèl la se paske konpayi kwazyè yo ap swiv CDC a ki se (centers for disease control and prevention) epi manda yo te leve tou. Poutan, sa enplike nan sa k konsène chak konpayi kwazyè ak egzijans yo, ansanm ak peyi y ap vizite yo tou.  

Pi bon konsèy nou konsènan preyokipasyon sa se toujou chèche konnen dènye nouvèl yo avèk egzijans konpayi kwazyè yo. Menm kèk jou avan kwazyè w la, verifye egzijans yo de fwa e menm twa fwa pou vwayaj ou a pa manke anyen. 

 Chak konpayi kwazyè koyeran pou pwoteje bato a avèk ekipman yo yon fason ki pwòp pase oparavan, e yo evite kounya pou pa genyen twòp fwotman. W ap ka jwenn plizyè kote pou moun lave men yo avèk ponp pou dezenfekte men sou bato a. Pa gen pèsonn ki pral enpoze w mete kachnen si w santi w pi alèz konsa.  

Sekirite siplemantè KOVID disponib. 

  • Lè pou anbakman yo dekale. 
  • Sistèm filtrasyon lè a amelyore. 
  • Profesyonèl sou sante ak yon fòmasyon apwofondi sou KOVID.  

 Sekirite kwazyè : preyokipasyon ki pa lye ak Kovid 

Gen anpil moun ki poko janm vwayaje sou bato ki gen anpil enkyetid e pafwa menm yo gen yon kretif ki gen rapò avèk fonksyonnman kèk sou yon bato kwazyè. 

Meteyo: Meteyo se yon bagay ki swiv chak jou ak anpil swen. Bato yo ap toujou respekte liy kondwit ki pi asire a, menm si vle di repouse yon itinerè. Bato yo fèt ak anpil karakteristik sekirite diferan selon sant gravite yo avèk flotabilite yo. Sekirite kliyan yo ap toujou yon priyorite. 

Sekirite nan destinasyon an : Si preyokipasyon w konsène sekirite nan destinasyon an, sa konpreyansib. Se yon peyi w poko janm vizite, e anpil fwa se mache w pral mache pou w eksplore vil la.  

Pi bon bagay ou ka fè se koute avèk anpil atansyon anons kapitèn bato a fè chak maten avan yo debake. L ap bay nouvèl ki genyen plis presizyon yo nan sa k konsène sekirite sou anplasman an. Toujou rete vijilan nenpòt sa k rive.  

Bato kwazyè yo tou p ap janm ale nan yon destinasyon ki ka mete pasaje yo dirèkteman an danje. Alò, mete sa nan tèt ou epi pwofite vakans ou konplètman ! 

 

SOUS: www.royalcaribbean.com, www.cruisehive.com, www.carnival.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.