Souple tann...

Kwazyè non vaksinen

20 jiy

Kwazyè non vaksinen 

Eske w renmen kwazyè ? Eske w anvi retounen navige sou dlo lib e libè pou w ap santi ankò ti van dous k ap soufle nan cheve w ? lide a se pou w pa ale nan kizin, jwenn kote pou pran plezi w san kanpe ak destinasyon nan Karayib la, eske se sa w t ap tann depi lè pandemi an ? si se sa, ou pa sèl. Anpil moun ap mande si yo ka vwayaje san yo pa pran vaksen 

Bòn nouvèl la se ke tout gran konpayi kwazyè yo ap prepare pou rekòmanse navige. Yo kontan pou resevwa envite yo apre yon tan yo pa t travay. Men pral genyen chanjman enpòtan nan potokòl sekirite ak sante kwazyeris yo. Manb kwazyè ki vaksinen yo ap gen ti chanjman minim pou pote nan eksperyans yo. Pandan ke ekip netwayaj la pral pi aktif e vizib, lòt bagay an koulis pral fèt tou pou asire sekirite tout envite yo. 

Eske yo aksèpte kwazyè non vaksinen ?  

Li aksèpte, men li pa rekòmande. Tout gran konpayi kwazyè yo rekòmande pasaje yo pou yo vaksinen anvan yo ale nan kwazyè yon fason pou pwomouvwa sekirite pou tout moun. Donk, si w chwazi pa pran vaksen, ou mèt prepare w pou kèk pwosedi anplis. 

  • Toutpasajeki pa vaksinen dwe gen yon tès negatif pandan 72 zè ki sot pase yo avan yo te anbake. 
  • Ansuit,yon lòt tès nan tèminal la. 
  • Pou fini, toutmoun ki pa vaksinen pral fè yon lòt tès 24è anvan yo debake. 
  • anplis,envite ki pa vaksinen yo pap manje menm kote ak tout moun, e yo pap ka itilize repa fleksib. 
  • Moun kipa vaksinen pap ka patisipe nan aktivite ak emisyon kote pote mas pa obligatwa 
  • Toutenviteki gen plis pase 15 lane ki pa vaksine ap oblije pote mas.  

De dènye tès yo ap koute 136 dola anplis a envite a. epi, gen kèk destinasyon ekskisyon ak lye debakman kote w pap menm gen otorizasyon pou kite bato a. sa pral depann de gouvènman zòn nan. 

Liy kwazyè yo 

Tande byen, pa gen pèsòn ki pi kontan pou rekòmanse navige pase konpayi kwazyè yo. Men potokòl sekirite yo dwe rèspèkte  pou sekirite pèsonèl la ak pasaje yo ak yon retou kwazyè yo 

Celebrity Cruises ap fè vaksinen 100 % pèsonèl li epi egzije ke 95 % pasaje yo dwe vaksine. 

Royal Caribbean mande pou 90 % pasaje yo vaksinen. 

Carnival Vista e Carnival Breeze ap vwayaje sèlman ak moun ki vaksinen 

Norwegian Cruise Line egzije tou pou 100% moun vaksinen. 

Pa konsekan, si w fè pati gwoup kwazyè ki pa vaksinen yo, asire w ke w verifye nan chak konpayi kwazyè yo, kisa w ap gen dwa fè ak kisa w pap gen dwa fè, jis pou fasilite pwosesis la epi konfòme w a nouvèl nòm yo 

Sous: Caribbeannewsnow.com, Cruiseindustrynews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.