Souple tann...

Nouvèl devastatris: Fèmti selèb Radyoteleskòp Potoriken

01 des


Foto: koutwazi Wikimedia Commons

 

Fondasyon Syans Nasyonal anonse 19 novanm 2020 lan ke li ta va pral mete fen nan sèvis anblematik radyoteleskòp Arebico nan Potoriko. Nouvèl sa vini apwe de kab te kase toudenkou pandan de dènye mwa sa yo sa ki te fè gwo èstrikti sa te manke kraze plat (sciencemag.org).

NSF (Fondasyon Syans Nasyonal) pwan desizyon sa apwe li te fin resevwa yon analiz de senk fim engeniri diferan Army Corps of Engineers te ladan yo tou. Direktè pwogram NSF pou obsèvatwa  Arecibo ki se Ashley Zauderer deklare si yon kab pwensipal t ap fonksyone pi ba ke kapasite li, « konnya tout kab  yo sispèk» (sciencemag.org). Si yonn nan twa kab ki konekte nan tou ki andomaje a vin tone an pàn se platfòm nan nèt k ap efondre , sa se konklizyon enjenyè yo bay (sciencemag.org).

Nature Magazine dekri yon fason trè tris fèmti a tankou "lafen teleskòp yo ki pi anblematik e syantifikman pwodiktif nan listwa astwonomi, syantifik yo kriye pou pèt li" (nature.com).

Radyoteleskòp la ki gen 57 lane, yon lajè 305 mèt, se li ki te pi gran nan lemond jiskaske lachin te vin konstwi radyoteleskòp li nan lane 2016. Depi lè li te konstwi jiska jodi a, selèb teleskòp Arecibo a pat janm sispann angaje nan yon travay enpòtan e revolisyonè. National Geographic rezime kontribisyon radyoteleskòp Arecibo a tankou li te " yon gwo wòl nan deteksyon planèt ki pi lwen pase sistèm solè nou an, nan chèche sivilizasyon ekstraterès ak etidye astewoyid ak lòt mond ki pi pre nou. Jodia, syantifik yo itilize teleskòp pou etidye eksplozyon enèji ki pisant anpil  ki rele siso radyo rapid e pou espyone  ondilasyon yo nan tisi espas tan ke galaksi yo pwodwi lè yo fè kolizyon»(nationalgeographic.com).

Kèk moman ki pi memorab nan istwa radyotelekòp Arecibo se lè astwonòm yo te voye yon mesaj radyo entèstelè nan lane 1974, ak lespwa ke tout ekstraterès ta ka tande, e lè yo te dekouvri pwemye planèt ekstrasolè ki te déjà konfime nan lane 1992(nature.com). Teleskòk la te pwezante nan de fim popilè : : Contact ak Jodie Foster epi fim James Bond ki rele GoldenEye.

Si nou ta di ke radyoteleskòp Arecibo te gen yo gwo enpak sou tout kominote syantifik la epi enspire plizyè moun pandan y ap fè rechèch se yon efemis.

Sous:

 

nationalgeographic.com
nature.com
sciencemag.org


Kisa ou panse de demantelman teleskòp radyo a? Fè nou konnen.