Souple tann...

Gouvènman Dominiken an Lanse yon Koukou Design pou yon Bibliyotèk Nasyonal tou Nèf

19 avr

 

 Foto: Koutwazi vectorfusionart 

Gouvènman Dominiken an Lanse yon Koukou Design pou yon Bibliyotèk Nasyonal tou Nèf 

Apèl a tout achitèk dominiken : lendi 28 mas 2022, gouvènman la Dominik, a travè Ministè Travo Piblik ak Ekonomi Nimerik, lanse yon konkou pou konsepsyon Bibliyotèk nasyonal la nan la Dominik, ki pral fonksyone tankou yon sant aprantisaj, lwazi ak kilti. Konkou a ap dewoule soti 28 mas rive 4 me 2022, dat limit pou soumèt dosye yo se 4 me a 16 h. 

Gouvènman an lanse konkou konsepsyon an pou asire l ke batiman an genyen bon jan kontribisyon achitèk lokal yo (dominicanewsonline.com). Selon sekretè palmantè Ministè Touris ak Inisyativ Maritim, Chekira Lockhart-Hypolite, " Gouvènman an panse ke mande kontribisyon achitèk lokal yo nan konsepsyon moniman sa ap bay yon gran santiman fyète nasyonal" (kairifm.com).  

Minis Travo piblik ak Ekonomi nimerik la, onorab Senatè Cassani Laville, wè konkou sa tankou yon optinite pou kreye yon enpresyon lavi nan la Dominik ansanm ak yon optinite pou mete eleman nan konsepsyon an ki lwayal e rèspèkte nm tradisyonèl yo men tou ki konsyan de pouvwa ak pwopansyon sosyalizasyon aprantisaj nan epὸk enfmasyon ak nimerik (dominicavibes.com). 

Selon direktè teknik ministè Travo Piblik ak Ekonomi Nimerik la Emile Lancelot," nouvo batiman bibliyotèk ki pral pwopoze a pral sitiye nan plas batiman aktyèl kote ansyen bibliyotèk la te ye a, ke ouragan Maria de bay gwo domaj. E lt batiman sa dwe akeyi fonksyon tradisyonèl bibliyotèk la ansanm ak sèvis elaji pou mete: yon pol inovasyon, espas kiltirèl a aprantisaj, espas reyinyon, espas ekspozisyon, yon kafe ak yon zn lwazi » (dominicavibes.com). 

ADMISIBLITE: Konkou a louvri pou achitèk dominiken ki kalifye ( ki rete la Dominik) ki soumèt tout dokiman ki nan fmilè enskripsyon an. 

KRITÈ EVALYASYON: 

  1. Adekwasyon konsepsyon an ak kaye depans yo
  2. Entegrasyon espasyal
  3. Fonksyonalite solisyon konsepsyon an
  4. Inovasyon ak orijinalite solisyon konsepsyon an
  5. Fmilè
  6. Konsiderasyon anviwnmantal
  7. Reyalite

Gannyan konkou a ap resevwa 5 000,00 EC$, e non li ap kapab grave sou batiman an lè l fini (dominicanewsonline.com). 

 

Sous: 

 

dominicanewsonline.com 

dominicavibes.com 

kairifm.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.