Souple tann...

Repiblik Dominikèn se Meyè "Luxury Sports & Villa Resort" nan Lemond

26 jan

FotoKoutwazi sergign 

Repiblik Dominikèn se Meyè "Luxury Sports & Villa Resort" nan Lemond  

World Travel Awards devlope yon pwogram rekonpans anyèl pami pi prestijye e pi konplè nan endistri mondyal la. Rezilta pri 2021 yo nome Casa de Campo Resort& Villas nan Repiblik Dominikèn « Meyè konplèks èspòtif ak vila de liks nan lemond an 2021», yon kategori kote konplèks dominiken an te an konpetisyon ak otèl nan peyi Itali, Jamayik ak Lespay. « Liksyez  pwopriyete sa ki akeyi anpil selebrite entènasyonal nan peyi Karayib la ranpòte pri sa yonn dèyè lòt depi 2014» (dominicantoday.com). 

Sitye nan la Romana depi plis pase 50 lane, Casa de Campo se premye konplèks ki te fonde nan Repiblik Dominikèn. « aktyèlman li genyen 3 pakou gòlf ke Pete Dye konsevwa, klase pami meyè nan Karayib la. Li genyen tou yon sant ekès, twa plaj prive ak vila liksye pou akeyi envite de chwa» (dominicantoday.com). Konplèks sa se favori vwayajè ak selebrite pou sila yo ki apresye liks, bote aktivite, entimite, eksklizivite ak sekirite de klas mondyal (casadecampo.com.do). Teren an genyen tou sèt restoran eksepsyonèl, yon pakou pou tire ak boutik fantastik. 

World Travel Awards te kreye an 1993 pou rekonèt, rekonpanse e evalye ekselans nan tout sektè kle endistri vwayaj, touris ak otèlri e jodya yo rekonèt li mondyalman kòm yon mak iltim ekselans nan endistri a (worldtravelawards.com). 

Malgre defi ke pandemi COVID-19 la lanse a touris nan lemond antye, vòt World Travel yo bat yon rekò san presedan. Pwosesis vòt la an liy e yo soti de kad kalifye k ap travay nan domèn vwayaj ak touris ansanm vwayajè gran piblik (worldtravelawards.com). Yon vòt standa gen yon poderasyon 1, tandiske vòt pwofesyonèl vwayaj yo ki verifye gen yon ponderasyon 2 (worldtravelawards.com). "An 2019, World Travel Awards yo te anrejistre yon rekò de 1 945 965 vòt ki eksprime, yon ogmantasyon de 17% pa rapò a rekò presedan. An 2020, yon rekò de 2 033 494 vòt te eksprime, ak plis patisipan nan tout listwa 28 World Travel" (worldtravelawards.com). Bon apeti pou vwayaj sa montre yon anviwònman ankourajan pou touris. 

  

Sous: 

casadecampo.com.do 

dominicantoday.com 

worldtravelawards.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.