Souple tann...

Gouvènman nan Peyi Ladominik Fè Kado 51 Nouvo Kay ki Rezilyan Devan Chanjman Klimatik

14 jen

 

Koutwazi foto ASphotostudio  

Gouvènman nan Peyi Ladominik Kado 51 Nouvo Kay ki Rezilyan Devan Chanjman Klimatik 

Ak plis pase 1500 kay ki deja konstwi e ofri ak kèk benefisyè seleksyone nan kad yon pwosesis konplè, gouvènman nan peyi Ladominik gen pwojè konstwi ak fè kado plis pase  5000 kay ki rezilyan devan klima ak kèk moun ki te pèdi kay yo nan ane 2017 akoz efè katastwofik siklòn ki rele "Maria" (wicnews.com). 

7 Avril 2022, premye minis nan Peyi Ladominik, Dr Roosevelt Skerrit, te remèt 51 nouvo kay ki ka reziste devan klima a nan sikonskripsyon santral "Roseau" , ki twouve li nan bò siperyè rivyè a, kay sa yo gen youn, de jiska twa chanm pou moun kouche e yo gen anpil espas, yo modèn e yo konstwi swivan pi gwo egzijans yo. "De Kay yo, estrikti anba ak sipèstrikti yo fèt ak beton, e tout klwazon andedan yo byen fèt e byen solid" (thecaribbeannewsnow.com). 

Selon "MMC development ltd", ki kanpe devan nan plizyè devlòpman pou lojman ak enfrastrikti nan Ladominik, devlòpman lojman nan zòn "Roseau Upper Riverbank" pa sanble ak lòt pwojè yo paske youn nan de kay yo ap gen nèf inite pou kesyon komèsyal, y ap genyen pou yo iltilze de ladan yo  nan  atizana a ak yon sant teknolojik (dominicanewsonline.com, thecaribbeannewsnow.com). 

Selon Skerrit "Kado sa, kay ki byen konstwi sa yo e ki rezilyan, gras ak gouvènman an e pèp la, pral asire moun k ap viv Ladominik yo, yon gran lapè, sekirite ak konfò ak yon santiman apatenans e endepandans... Kè m kontan anpil pou 51 fanmiy sa yo nan sikonskripsyon santral "Roseau" a, ki resevwa kle nouvo kay yo." (wicnews.com) 

Reprezantan palmantè yo nan sikonskripsyon santral "Roseau" a, "Melissa Poponne-Skerrit" te adrese li nan seremoni pandan yo t ap remèt kle kay yo, te pale konsa "Se yon okazyon ki rekonfòtab pou fanmiy sa yo, ki t ap tann lontan yon benediksyon, yon nouvo kay, ki ofri lapè, konfò, sekirite ak yon rivyè". (dominicanewsonline.com). Poponne-Skerrit te konvenki, menm si te genyen plis pase plizyè santèn kandidati pou kay sa yo, moun ki plis nan nesesite yo, te gentan seleksyone.  

Nan kad inisyativ li a "Rekonstwi pi byen" ( resilientcaribbean.caricom.org), gouvènman pwofite pase nan plizyè dizèn kay prive nan zòn "Roseau" a, nan pwofi plizyè moun tigranmoun. Gouvènman Ladominik la angaje l li pou l konstwi kay bon kalite, paske li konsidere lojman kòm dwa fondamental chak sitwayen. (wicnews com). 

 

Sous: 

 

dominicanewsonline.com 

resilientcaribbean.caricom.org 

thecaribbeannews.now.com 

wicnews.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.