Souple tann...

Gwoup kiltirèl Karifuna nan Ladominik ap selebre 43e anivèsè l’

13 jan

Gwoup kiltirèl Karifuna nan Ladominik ap selebre 43e anivèsè l’ 

Gwoup kiltirèl Karifuna nan Ladominik ap selebre 43e anivèsè l’ sou tèm « Wi Nou La ». Selebrasyon an te fèt an liy paske gen yon ogmantasyon ka VOCID-19 nan Ladominik. Nou ka gade emisyon vityèl 43e anivèsè Karifuna ki tes difize le 27 novanm 2021 an sou paj Facebook gwoup kiltirèl la. Spektak la mete an limyè yon laj evantay pèfὸmans pandan tout dire lavi gwoup la, genyen tou dans zwazo ak lagè (thecaribbeannewsnow.com). 

Fonde an 1978 pou fè reviv kilti Kalinago epi prezante l’ bay lemond, Gwoup kiltirèl Karifuna edike moun yo atravè dans, mizik ak lὸt fὸm ar depi plis pase kat deseni (thecarbbeannewsnow.com). Gwoup la pwospere gras a opὸtinite pou yo reprezante Ladominik nan plizyè festival, salon pwofesyonèl ak fowὸm edikatif o nivo rejyonal e entènasyonal, tankou nan Lamatinik, Gwadloup, Lafrans, Trinitad ak Tobago, Zile vyèj amerikèn, Angletè, Etazini, ak Expo2020 nan Dubaï (thecaribbeannewsnow.com). Gwoup kiltirèl Karifuna patisipe tou nan Kanaval, nan Festival mondyal mizik kreyὸl(WCMF), nan selebrasyon endepandans  ak jounen entènasyonal pèp otoktὸn yo. Selon prezidan Karifuna Cultural Group, Prosper Paris, pèfὸmans kiltirèl gwoup la konsidere tankou yon atraksyon majè pou piblik dominiken an ak vizitè zile a (dominicanewsonline.com). 

Epi tou, gwoup la ap degaje l pou restore lang Kalinago a, ke yo konsidere kὸm epin dὸsal kilti Kalinago a (dominicanewsonline.com). Se gwoup la tou ki te ὸganize epi finanse premye Inter-School Dance Festival ak Kalinago History Quiz Competition (dominicanewsonline.com). Lὸt antrepriz gwoup kiltirèl la genyen piblikasyon yon liv kizin Kalinago e anrejistreman premye cd « Nou Se Kalinago » nan lane 2000, genyen 6 mizik nan lang Kalinago (dominicanewsonline.com). 

Pou fini, gwoup kiltirèl Karifuna te prezante nan plizyè dokimantè ak fim tankou, Seven Nights, The Spirit of Jaguar, Orchid House, Chocolate Pollen ak Columbus (thecaribbeannewsnow.com). 

Sous: 

dominicanewsonline.com 

thecaribbeannewsnow.com 

 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.