Souple tann...

Èpòt Nasyonal Peyi Ladominik ap Pwogrese.

20 jiy

Èpòt Nasyonal Peyi Ladominik ap Pwogrese. 

Sa pa gen lontan depi Premye minis peyi Ladominik lan anonse ke li swete gouvènman an fè travay  pou èpòt nasyonal Ladominik la avanse. Alò, se ki tip travay ki rete pou fèt pou n ka wè èpòt nasyonal Ladominik lan ap pwogrese ? 

"Gen yon travay enpòtan ki te fèt, nou te diskite avèk pwomotè ak antreprenè yo pou fè travay yo avanse pou n ka gen yon delè ki pi kout pou n acheve konstriksyon [èpòt entènasyonal]", premye minis Roosevelt Skerrit te deklare epi Associates Times te site. "Diskisyon yo ap fèt ak yon estrateji mizanplas pou fè travay yo avanse." 

Repiblik Dominikèn genyen 7 èpòt, yo chak sitiye nan pwoksimite litoral ak kèk destinasyon ki pi prize. Èpòt nasyonal peyi Ladominik pote kèk modifikasyon, pou youn nan èpòt nasyonal pou yo ka kontinye bay kliyantèl yo konfò. 

Travay ki tèmine pou èpòt nasyonal Ladominik la. 

Sou yon èpòt 11 ekta nan Wesley nan peyi Ladominik, teren an nivele ak debleye, ak ekipman te deplase dirèkmante vin nan zòn nan. 

Depi 2021, pwojè èpòt entènasyonal Ladominik te pran anpil tan epi mete fon disponib pou soutyen ak kèk founiti. 

Pou fini, gouvènman Dominiken te siyen yon akò avèk MMC Development ltd. pou te kòmanse konstriksyon èpòt la. 

Kreye Travay nan Ladominik. 

Jiska jodi a, nou konnen 94 dominiken jwenn travay sou chantye a. 94 salarye sou sit la genyen yon ti kras nan pèsonèl la. Nonb sa pa genyen ladann moun k ap livre pwodui sou sit sa nan kamyon yo. 

"Gouvènman an ap veye pou Dominiken yo jwenn travay. M te wè yon seri moun nan Wesley te retire kò yo nan pwogram nasyonal anplwa a ki se (NEP), paske yo angaje nan pwogram konstriksyon èpòt entènasyonal la, Skerrit te deklare 

SOUS: carribbeannewsnow.com, www.tripsavy.com, www.globenewswire.com, associatetimes.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.