Souple tann...

Nouvo sant sante ak byenèt nan la Dominique dedye a enfimyè yo.

09 avr

Foto: koutwazi @Jennrnann 

Les nouveaux centres de santé et de bien-être de la Dominique dédiés aux infirmières 

Finanse pa Pwogram Sitwayen pa Envèstisman (CBI), Common Wealth of Dominica bati douz nouvo sant sante ak byenèt pou ranfse swen sante ak bay sitwayen yo pi bon kalite sèvis 

Premye minis Dr. l'hon. Roosevelt Skerrit satisfè pou nivo sèvis ke sant sante ak byenèt la ansanm ak kalite sèvis sant sante yo pra l bay ansanm ak kalite ekipman  ke sant yo pra l itilize. Li deklare «  p ap genyen kenn plent pou sa ki konsène swen ke y ap bay nan etablisman sa yo (ntltrust.com) . 

Sepandan  sant Sante ak byenèt sa yo pra l bay sèvis endispansab a popilasyon Ladominik la, men yo pra l rann yon omaj a moun ki merite sa ki pote yon kontribisyon eksepsyonèl nan sektè sante nan zile a. (thecaribbeannewsnow.com). 

La Dominique te koumanse dedye nouvo sant yo a enfimyè li yo ki gen anpil kouraj epi ki bay tout yo menm nan travay la(thecaribbeannewsnow.com). 

Pou Fè lonè a Stella LeBlanc kise moun ki te loreya pri Sisserou nan lane 2020 , yo fenk sot remete kanpe yon etablisman sante le 5 mas 2021 nan « Vielle Case » ke yo bay pote non l. Yo bal rekonpans sa paske li te jwe gwo wl nan avansman swen sante de baz yo nan distri Portsmouth, kote li te enfimyè fanm saj pandan 23 lane (thecaribbeannewsnow.com). 

Nan menm semèn nan, yo te onore pandan ouvèti sant sante ak byenèt Bellevue Chopin enfimyè Maria Moise ki chaje ak eksperyans. Yo konnen li sou non « pwofesè Maria », Moise te pwofesè nan de lekl primè la Dominique avan li te rejwenn pèsonèl lasante a nan lane 1979  tifon (typhon) David travaje zile a. Nan lane 2012, Moise te pran pri enfimyè de lane nan la Dominique (thecaribbeannewsnow.com). 

Premye sant sante ki te an sèvis pou enfimyè le 26 fevriye 2020 sete batiman Mahaut. Yo rele Esprit-Murphy Health and Wellness santnan memwa enfimyè Agatha Espirit David ak Anastasia Mary Murphy, Fanm ekstraὸdinè sa yo konsakre 40 lane nan lavi yo ap bay sèvis(thecaribbeannewsnow.com). 

Dezyèm sant la te inogire 1e mas 2020 e li pote non enfimyè Olivia Douglas, pionye revolisyon swen sante de baz yo nan lane 1980 yo. Enfimyè Douglas te jwe gwo wl tou nan koze akouchman anpil ti bebe (thecaribbeannewsnow.com). 

 

Sous:  

ntltrust.com 

thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.