Souple tann...

Elaine Thompson-Herah ap fè Lajamayik fyè.

24 sep

Elaine Thompson-Herah ap  Lajamayik fyè. 

Dezyèm pi rapid 100 mèt ki te fèt depi lontan te anrejistre pa Jamayikèn ki konn kouri ki rele Elaine Thompson-Herah, li te bat rekò 10.54 segond. Se yon fason ekstraòdinè pou fason li toujou kenbe plas li men se pa devan Florence Griffith Joyner.  Joyner kenbe rekò a depi 1958 avèk 10.49 segond. Elaine Thompson-Herah bò kote pa li toujou ap fè Lajamayik fyè. 

An twazyèm, ou vin jwenn anglè Dina Asher-Smith ki vin soti twazyèm nan kous 200 mèt malgre operasyon li te fè nan pye. E malgre amerikèn ki rele Sha’Carri Richardson te rive an dènye li te enfòme piblik lan pou yo pa mete li deyò.  

Pou moun ki genyen nan kous la, Swis Mujinga Kambudji te soti an premye avèk amerikèn Gabrielle Richardson ki fini 0.08 segond devan Asher-Smith.  

Fyète Lajamayik 

Madanm Hera se yon kourè kout distans ki soti Lajamayik, ki fò nan kouri 100 mèt a 200 mèt. Li se chanpyon Olenpik 5 fwa. Elaine se pi bèl fyète moun ki nan Lajamayik. Kous ki tap fèt “Eugene”nan pa te sèlman yon rekò  pou mond lan men se te yon rekò pèsonèl e ki pi bon pou li. E l ap pwoche pi pre rekò ke Joyner te fè. 

La Jamayik genyen twa moun ki te patisipe nan kous la. E yo tounen menm jan yo te fè lè yo te ale nan Olenpik Tokyo. 1.2.3. Shelly-Ann Fraser-pri, avèk Sherika- Jackson apre sa ou vin jwenn Thompson-Hera ki vin montre fòs yo nan Olenpik. 

Nan kous la Thompson-Hera te fè konnen: “mwen te sezi paske m pa janm abitye kouri konsa depi 5 lane e mwen wè ke mwen kouri vit nan chanpyona. Men pou tounen la apre de semèn pou kouri pou tèt mwen se pi bèl bagay.” 

Avèk tout imilite ak fyète k ap degaje, Elaine konsidere siksè li kòm yon benediksyon. E li pwomèt ke li ap kontinye fè pi bèl bagay toujou pandan ke li ap kontinye vanse ak menm pasyon ak lanmou li genyen pou espò. 

 

SOUS: BBC.com, yahoo.com/now


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.