Souple tann...

Zile Anglofòn Nan Karayib la.

27 okt

Zile Anglofòn Nan Karayib la. 

Èske w konnen diferan lang yo pale nan Karayib la ? 

Gen kèk moun ki te vrèman etone aprann ke lii egziste ofisyèlman sis lang nan Karayib la, san n pa menm pale sou dyalèk ki varye yo. Annefè, anglè se youn nan prensipal lang ki pale nan Karayib la. 

Lang anglè fè pati nan 11 peyi endepandan nan kominote Karayibeyen an. Nan atik sa nou pral dekouvri zile anglofòn yo nan Karayib la. Si w se vwayajè, ou ta swete vizite zile ki plis pale anglè nou konseye w kontinye lèkti sa. Nou genyen sa w ap chèche a. 

Byenvini Sou Zile Ki Pale Anglè Yo. 

Zile ki prensipalman pale anglè yo se Bahamas, Antigwa ak Babouda, Jamayik, Senkit ak Nevis, Ladominik, Babad, Sentlisi, Grenad, Senvensan ak Grenadin yo, Trinidad ak Tobago ak Beliz. 

Sa se bon nouvèl la : yo tout ofri kèk eksperyans inik ak bèl. An n plonje nan detay yo sou kèk pami zile sa yo. 

Grenad, Antiy. 

Grenad se yon ansyen koloni britanik nan antiy yo ki te sisite yon pasyon mondyal pou vwayaj nan Karayib la. Montay yo plonje jis bò lanmè yo, avèk kèk odè kanèl frèch ak miskad k ap akonpanye w lontan apre depa w. 

Grenad se youn pami zile anglofòn yo ki pi anglofòn. Alò, si w se yon fanmiy vakansye dirije w nan direksyon Grenad, sitou si w ap chèche vrèman pou w konekte w avèk kilti Karayibeyen an, ou p ap wont. 

Senkit ak Nevis. 

Jwayo kache sa gen tandans jwenn plis trafik granmoun pase ganbadè familyal yo. Poutan, w ap jwenn anpil bagay pou w fè si w vwayaje avèk timoun. Nòmalman, tout vizitè yo pwofite kèk aktivite nan Senkit ak Nevis, tankou ekitasyon, tiwolyen, pwomennen nan tren panoramik ak anpil lòt bagay ankò. 

Babad Se Andwa Ideyal. 

Nan tout evidans, Babad se andwa ideyal pou pase kèk vakans klasik nan Karayib la avèk yon touch sofistike. Ansyen koloni anglè sa ofri yon gam atraksyon, aktivite ak sit touristik k ap rann sejou w la inoubliyab. 

Nan kote lwès zile a, anfas lanmè Karayib la, li repite pou bèl plaj li yo ki ofri yon mèvèye posibilite benyad, plonje nan apne oubyen senpleman solèy. 

Fòk nou fè w konnen tou, abitan yo plis pale "Bajan" ki pwononse "bay-jun", se yon kreyòl ki baze sou anglè e ki enflyanse ak kèk lang nan lwès kontinan afriken an. Nan tout dyalèk kreyòl Karayibeyen yo, Bajan an se li k pi pwòch anglè. 

Antigwa ak Babouda. 

Antigwa ak Babouda se yon kote ki fantastik pou fanmiy k ap chèche yon ti otèl ki gen tout bagay ladann e k ap reve yon klèb pou timoun, men tou ki swete kite estasyon kote yo ye an pou y al eksplore.  

Isi a, eksplorasyon se mèt mo a. Zile an asire e li fasil pou w mache ladann, genyen literalman kèk santèn plaj ou dwe wè. 

Tankou pou anpil nan zile anglofòn nan lis sa, yon ti pati nan popilasyon an pale yon vèsyon kreyòl ensilè. Kreyòl Antigwa a sanble avèk dyalèk Grenadin yo. Men koute atantivman epi w ap konprann aksan Baboudyen yo diferan avèk aksan Antigwen yo. 

Kèlkeswa chwa w fè, pwofite lavi dekontrakte zile anglofòn yo nan Karayib la ak avanti yo ! 

 

 

SOUS: mangotreetravel.com, www.tripadvisor.com, www.calabashcove.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.