Souple tann...

EPA oblije rafinri Limetree Bay pou enstale monitè lè nan La Croix

27 jiy

Foto :  Koutwazi leungchopan 

EPA oblije rafinri  Limetree Bay pou enstale monitè lènan La Croix 

Ajans ameriken pou proteje anviwὸnman (EPA) te anonse ke rafinri Limetree Bay nan îles Vierges amerikèn nan Ste-Croix dwe elabore yon plan pou enstale 18 monitè lè, nèf monitè silfi idwojèn e nèf monitè dioksid souf otou zile a(reuters.com). 

Dekrè EPA a fè swit a tout operasyon rafinri a ki te kanpe pandan o mwen 60 jou depi mi-jen 2021. EPA te mande pou fèmen enstalasyon an apre yon seri aksidan ki polye anviwὸnman nan lè ak dlo kominote vwazin nan. 

Avan arete EPA a, rafinri a te volontèman kanpe trètman apre yo te fin bonbade kay ki tou pre l yo ak yon bwouya chaje lwil pou yon dezyèm fwa ane sa, sa ki depase pèmi izin nan te genyen pou emisyon dioksid de souf (reuters.com). Selon EPA, menm yon ekspozisyon pou yon ti bout tan a yon wo nivo dioksid de souf ka nwi a sistèm respiratwa moun e rann respirasyon l difisil (reuters.com). 

Rafinri antiyèz ak 200 000 barik pa jou ak 1 500 ekta te reprann aktivite ane sa apre l te rete vid pandan anviwon di zan (reuters.com). Ansyen pwopriyetè yo te depoze bilan nan lane 2015, pandan l t ap fas a gwo pèt e vyolasyon de Clean Air Act ke Etazini ki te nesesite plizyè milyon dola pou mete l a nivo (reuters.com). 

Nan lane 2016, sosyete capital-investissement ki twouve l nan Boston, Arclight Capital Partners, te achte l e rekrite lὸt envèstisè, tankou EIG Global Partners, pou finanse anviwon 3 milya dola pou amelyore enstalasyon an (reuters.com). Malgre reparasyon, pwoblèm ak akipman rafinri an retade redemaraj la plizyè fwa. 

Dedi lè etablisman an relouvri, moun k ap viv nan Ste-croix ap plenyen de pwoblèm respiratwa ak tèt fè mal (reuters.com). Nan moman sa, Limetree ap fè fas a kat (4) rekou kolektif de plis pase 100 moun nan Ste-Croix ki mande peye yo lajan pou domaj materyèl ak yon swivi medikal » (reuters.com). 

Administratè rejyonal pa enterim EPA, Walter Mugdan, deklare ke antrepriz la konnen enpὸtans ekonomik Limetree, ki anplwaye 400 moun sou zile a ki depann prensipalman de touris pou bay travay (reuters.com). Sepandan, selon Mugdan, « atake pwoblèm jistis anviwὸnmantal la se yon priyorite pou EPA » (reuters.com). 

Sous: 

reuters.com 

thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.