Souple tann...

Ekspòtasyon Mariwana Medikal nan Senvensan ak Grenadin

11 fev

Ekspòtasyon Mariwana Medikal nan Senvensan ak Grenadin 

Konnya yo bay otorizasyon pou ekspòte pou zafè medikal ak byenèt  a Caribbean Cannabis Company. Senvensan ak Grenadin rejwenn OECO (Òganizasyon Leta Karayib oryantal) pou ekspòte kanabis medikal. Pwojè sa ap prepare depi plis pase twa lane. Minis Agrikilti a, Saboto Caesar, rann bagay sa posib ak èd gouvènman zanmi, ajans entènasyonal e aktè lokal nan sektè piblik ak prive. Ekspòtasyon yo ap kòmanse an Ewòp. 

Pou pi klè, WebMD defini mariwana medikal konsa. 

"marijuana medikal itilise plant mariwana oubyen pwodui chimik ke l genyen ladan l pou trete maladi. Se fondamantalman menm pwodui ak mariwana rekreyativ la, men li itilize nan zafè medikal." – WebMD. 

Plant mariwana genyen ladan l plis pase 100 pwodui chimik ke nou rele kanabiniyid ki afekte kò a divès fason. Kanabinoyid sa yo sanble ak pwodui chimik ke n jwenn natirèlman nan kò a ki ede nan bay apeti, mouvman, doulè ak memwa. 

Pou konnya, yo fabrike mariwana medikal plizyè fason. Li ka pwodui sou fòm kapsil, pastiy, tenb dèrmik, vaporizatè oral ak po, pwodui komestibl, vaporizatè ak boujon. 

Ale a lavan ak byennèt e plis ankò 

Selon M. Saboto Caesar, "Senvensan e Grenadin pare pou komès mondyal la nan espas endistri byenèt medikal la. Nou envite lemond pou patisipe! SVG ouvri yon gwo opòtinite mondyal yon kolaborasyon ant Eta manb OECO ki swete patisipe nan endistri kanabis medikal ." 

Li pousuiv pou envite tout manb OECO pou jwenn devlòman dirab inisyativ byenèt medikal sa. Anplis, gouvènman an prevwa lanse yon platfòm byenèt medikal ki genye medsin tradisyonè ak nouvo pwogram trètman ke yon medsen sikedelik ap asiste. 

SOUS: Caribbeanloopnews.com, Jamaica-gleaner.com, webmd.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.