Souple tann...

Rapò pwojè FaN sou ogmantasyon obezite kay timoun nan Karayib la.

12 okt

Rapò pwojè FaN sou ogmantasyon obezite kay timoun nan Karayib la.

Pwofesè Alafia Samuels se prensipal rèsponsab Pwojè Food and Nutrition (FaN). Pwojè a ap travay nan lide pou lite kont move abatid alimantè kay timoun nan Karayib la. Prensipal koupab la se move abitid alimantè ki gen yon enpak sou sante fizik ak mantal timoun yo. 

Pwofesè Samuels deklare ke rezon ki fè timoun yo ap obèz se paske yo manje aliman iltra transfòme sèlman. Aliman takou : anmbègè, hot dog, pizza, sik, bonbon ak bwason. E pwoblèm sa vin tounen yon lòt epidemi pou konbat nan Jamayik. 

Estatistik ki nan rapò a repati konsa : 

  • 20 % nantimounsila yo soufri tansyon ki wo. 
  • li pifasilpou soufri maladi kè   
  • Obeziteka fè yo soufri maladi dyabèt lè yo granmoun. 
  • Depresyonak entimidasyon wo anpil lakay etidyan obèz yo. 
  • Akanpillòt bagay ankò. 

Sepandan, manm pwojè FaN yo travay ansanm ak CARICOM ak Enstiti Karibeyen Rechèch nan Sante, UWI,yon fasaon pou edike jèn yo nan Jamayik ak nan Karayib la an jeneral. An plis, yo te revize pwogram etid sou sante ak lavi nan fanmiy yo pou tout lekòl primè yo. 

Pwojè FaN mete timoun  yo nan konpetisyon 

Nan objektif pou ogmante sansiblizasyon ak ankouraje yon lavi sen pami timoun yo nan Karayib la, FaN lanse yon konkou ekriti ak listwa. Se timoun soti sèt rive disèt lane kap patisipe nan konkou sa , yo soti nan peyi Jamayik, Babad, Senkit e Nevis. 

El↕v sa yo dwe ekri yon Istwa kout ki genyen 5oo mo. Premye tou enskripsyon an se pou vendredi 17 septanm. Pou fini, yo pral seleksyone  senk ganyan yo et y ap bay yo yon laptob Dell. Epi, pwofesè ki te akonpanye ganyan yo ap elijib pou yon pri 500 dola ameriken. 

Dapre Food4Change Caribbean, konpetisyon an sanble ak yon bagay konsa. 

 « Ane sila konkou ekri istwa ekriti divize an de etap. 

  • Etap1 :Enskri nan konkou a pandan w ap redije yon tèks ki baze osu yon ilistrasyon ke yo bay. 

○ evalyasyon tèks yo ak seleksyon 50 rtidyan pou etap 2 a. 

  • Etap2 : Asiste yon fòmasyon Zoom/sesyon brasaj sèvo, redije yon istwa long ak 1 000 mo ki baze sou aprantisaj HFLE. 

○ Evalyasyon istwa long yo, seleksyon 5 ganyan òdinatè pòtab yo 

Pou plis enfòmasyon oubyen pou patisipe nan konkou a, sèlman klike sou lyen sa : Food4Change. Annou chak fè pati pan ou pou anseye jèn yo nan Karayib la chwa alimantè ki sen. 

 

SOUS: Jamaica.loopnews.com,  food4change


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.