Souple tann...

Dife ravaje Guanaja, nan Honduras

05 nov

Dife ravaje Guanaja, nan Honduras 

Samdi 2 oktὸb la, yon dife ravaje Guanaja, yon zile vilejyati nan Karayib la, li detwi plis pase 200 kay ak antrepriz. Zile a sitiye nan lès peyi Beliz jis o nὸ Hondiras. E dapre sous yo « abitan yo te te oblije tenye dife yo menm syo dlo ». 

Nan gwo panik plis pase 400 moun kouri kite nan bato, moun sa yo pèdi tout bagay, soti nan kay pase nan manje rive nan rad. Nan mwa k ap vini yo, yo pral bezwen dlo, oksijèn elatriye. 

Sa ka sanble difisil pou imajine, men Zile Honduras Guanaja pa gen sèvis ponpye. E devastasyon sa fè tout moun konnen nan ki pwen li nesesè. 

Nan rapὸ li sou ensidan an, Max Gonzales ki se manm Sistèm nasyonal jesyon risk e kontenjans nasyonal deklare ke pa gen moun ki mouri, men pèt materyèl yo anpil. Elikoptè lame Honduras la konbat dife a jan li kapab. 

Guanaja : yon zile pou restore 

Restorasyon rejyon sa ak pèp Hondiras la pra l enpὸtan anpil pou kenbe andwa sa an vie an sante. Erezman, moun yo aprann de dife e yo pare pou bay kout men. 

Estasyon balneyè zile a depann prensipalman de touris, e se yonn nan pi bèl zile bè nan Honduras, oubyen Islas de la Bahia. Zile yo fonksyone isit la tankou pwp peyi yo, san traka e danje, san vyolans. Yo konnen Guanaja pou mayifik resif koray, aktivite ak dofen e aktivite tankou plonje an apne e plonje. Yo bay zile a kèk ti non jwèt, pou yon bon rezone, de nan non sa yo genyen « Jewel of the Bay » ak « Venise  Honduras » paske gen wout navigab ki travèse zile a 

SOUS: Independent.co.uk, reuters.com, alijazeera.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.