Souple tann...

Premye Fanm Gouvènè Asèmante nan Senkits ak Nevis.

02 mas

Premye Fanm Gouvènè Asèmante nan Senkits ak Nevis. 

Istwa a te ekri kat Fevrye 2023, lè ekselans Marcella Liburd JP te prete sèman antanke premye fanm gouvènè jeneral. Seremoni an pa t long men l te enpòtan e li te rive fèt nan kay gouvènman an menm. 

Ki moun Marcella Liburd ye? 

Marcella Liburd te konn sèvi zile jimo sa yo kòm avoka, anseyan, lejislatè, minis gouvènman an epi prezidan asanble nasyonal la.  

Lè w ap pakouri lis kèk distenksyon ak kèk reyalizasyon nan atribisyon dam sa, li kalifye kòm yon "Pyonye’’. Pandan l ap pilote plizyè lejislasyon, Mme Liburd te rive nomine nan ane 2011 pou kontribisyon li yo nan devlòpman egalite sou kesyon sèks. Youn nan diferan entèpelasyon li yo, se te lwa sou vyolans domestik ak lwa sou egalite nan reminerasyon. 

Nan ane 2013, Liburd te devni premye fanm eli prezidan nan pati travayis la nan Senkits ak Nevis.  

Marcella te obteni bakaloreya li nan dwa e li te obteni diplòm li avèk mansyon nan ane 1992 nan "Norman Manley Law School". Yon ti tan apre, li te kòmanse karyè li kòm sekretè nan pati travayis la nan Senkits ak Nevis nan ane 1997. 

 Epi nan ane 2004, li te vin prezidan asanble nasyonal la. Li te genyen kèk lòt anplwa esansyèl ki te mennen l nan pozisyon onore li twouve l jodi a. Sou baz premye anplwa li yo ak devouman li, tout moun nan peyi a rete konvenki li pral fè yon travay enkwayab kòm premye dam gouvènè nan laj 81 ane.  

Premye minis la Dr Drew te fè deklarasyon sa nan favè eleksyon an. 

« Nou ta dwe ekstrèmman fyè kòm peyi E antanke nasyon paske kondisyon yo rete pou rezon yo te kreye yo a, kote anfen nou ka di nan Senkits ak Nevis, pandan tout ane sa yo, fanm yo te gen anpil difikilte pou yo te jwe kèk wòl,  veye yon fason pou timoun yo, gason yo ak peyi a tout antye jwenn swen ki nesesè, n ap di tout mond lan sa jodi a Senkits ak Nevis pwogrese epi nou trase yon fwa ankò nouvo wout sa ki se veye yon fason pou tout moun gen menm privilèj, patikilyèman medam nou yo » 

SOUS: thecaribbeannewsnow.com, caribbeannationalweekly.com, www.CARICOMToday.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.