Souple tann...

Finansman nesesè pou lite kont maladi kap tiye koray.

02 avr

Finansman nesesè pou lite kont maladi kap tiye koray. 

Nan bèl resif koray yo nan Grand Cayman, yon maladi ki pote lanmὸ ap tiye koray yo. Pou sa, Ministè Anviwὸnman mande lajan anplis pou ede bare maladi mὸtèl k ap tiye koray yo anvan li twὸ ta. 

Maladi ki  koray yo pedi tisi  

Dapre yon evalyasyon rapid resif Atlantik glf la. Lè yo dekouvri maladi mtèl sa nan lane 2014, plis pase 20 espès koray te gentan atake, tankou Koray etwale, stalèt, pilye ak sèvo. Maladi sa tiye koray yo pandan li detwi tisi mou yo. 

«Depi  sa, yo te jwenn anpil fwaye SCTLD nan karayib la nan JamayikQuintana Roo (Mexique), nan ​​Saint-Martin, nan Saint-Thomas (USVI), nan Repiblik DominikènZile Turks e Caïcos, nan Belize (Pays-Bas), Saint-Jean (USVI), Poto Riko ak Grand Bahama. »  

Pou bare epi anpeche pwopagasyon an, DoE te fèmen sit plonje yo, men pwopagasyon an kontinye. An plis yo poko konnen koz la. 

 DoE mande yon bon finansman pou lite kont maladi mὸtèl koray yo. 

Directris DoE, Gina Ebanks-Petrie, mande gouvènman pèmisyon pou reapwopriye lajan ki soti nan lὸt  domèn pou rezoud pwoblèm nan. Plizyè operatè antrepriz k ap lwe bato te ofri sèvis yo pou bay trètman ki disponib nan moman an. Men kèk nan yo  pou maladi a pa pwopaje twὸ rapid, sa ki eksplike ogmantasyon kantite lajan ki nesesè 

Nou bezwen yon aksyon rapid ak resous pou pwoteje koray nan zile Kayiman ak tout zile nan Karayib la kont maladi sa k ap tiye koray yo. 

Sous: agrra.org  

Caymancompass.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.