Souple tann...

Egalite Fanm ak Gason sou zile yo nan Karayib la.

05 avr

 

Egalite Fanm ak Gason sou zile yo nan Karayib la. 

Egalite sou kesyon sèks se yon sijè ki frajil, moun pa ka abòde l nenpòt kòman sitou jodi a, e preyokipasyon nan sijè ap devlope chak jou pi plis. Gen yon bann gwoupman k ap defann youn ou plizyè lòt koz, men sou zile yo nan Karayib la veritab preyokipasyon nou, chita sou lit k ap mennen kont inegalite sou kesyon sèks yo. 

Egalite sou kesyon sèks vle di, gason tankou fanm ak timoun yo, dwe gen menm dwa, menm opòtinite, menm resous ak menm pwoteksyon. Nou byen kontan, paske gen anpil gwoupman k ap travay pou sa rive respekte. 

"Pou n rive konstui yon Karayib ki djanm e ki rezilyan, li obligatwa pou fanm ak gason nan menm nivo, nan trètman y ap resevwa kòm moun. Karayib la fè anpil pwogrè ki vizib anpil sou kesyon sa nan dènye ane sa yo, sitou nan sa k konsène edikasyon fanm yo ak fason yo dwe bay patisipasyon yo nan sosyete a. Men, rete anpil wout pou nou fè toujou pou n jete tout baryè sou kesyon egalite gason ak fanm. Worldbank.org 

Plizyè òganizasyon k ap soutni mouvman sou egalite gason ak fanm. 

Toutotan pèp la ka rive fè konsèp egalite gason ak fanm nan avanse, toutotan jenerasyon k ap vini dèyè sou zile yo nan Karayib ap ka vin pi solid. 

Si n ap fè yon retounen nan listwa sou zile yo nan Karayib la, fanm ak tifi yo ap sibi menm move kondisyon, ki chita sou prejije ak distans zansèt yo te konn sibi sou kesyon egalite gason ak fanm. 

Egalite sou kesyon sèks la, p ap nan avantaj medam yo ak tifi yo sèlman sou zile a. Lè ti gason yo grandi nan respè pou fanm, y ap gen plis chans pou yo reyisi vi yo.  

Egalite sou kesyon sèks nan Karayib la ka repare yon bann ane kote medam ak tifi yo t ap sibi move trètman e mete moun yo sou lòt chemen pou yon pi bon demen. Se rezon sa ki pèmèt anpil senpatizan nan Karayib la mete tèt yo ansanm, yo fè yon chèn solidarite pou yo kore mouvman sa, lidè pou egalite gason ak fanm mete kanpe. 

  1. Ekip peyi ki fè pati nasyon zini nan Peyi Jamayik ap ede medam yo vin pi solid pou yo afwonte dega chanjman nan klima a. 
  2. Pwojè Engender nan peyi Wayom-ini ak Kanada te ofri èd ONUfanm, nan sousi pou soutni medam yo nan atizana e menm pi lwen pase sa.
  3. Pou jounen entènasyonal respè dwa fanm, ki sot pase la a, gen inisyativ ki te pran sou tèm sa "Egalite sou kesyon sèks pou yon demen dirab". 
  4. UNICEF bò kote pa l, pou amerik latin nan ak nan Karayib la, pa t kache preyokipasyon yo sou plizyè ane kote inegalite ant gason ak fanm nan Karayib te rive nan yo nivo ki wo anpil. 
  5. CARICOM te devlope yon inisyativ ki rele "Konpetans nimerik ak fanm nan CARICOM nan TIC", nan sousi pou yo te konvenk medam yo ak tifi, pou yo rekonèt yo gen plas yo nan kesyon biznis, devlopman teknolojik eltatriye. 

Si vin gen plis fanm nan biznis yo, nan devlopman teknolojik la, nan medsin nan atreprenarya, sa ap gen yon enpak enpòtan nan kominote yo sou zile Karayib yo, jan anpil moun pa menm panse l la. 

 

Sous : The world bank, UNICEF, Jamaica, loopnews 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.