Souple tann...

Aprann konnen Heritage Education Funds International

16 nov

Aprann konnen Heritage Education Funds International

Dapre nouvèl ki fenk tonbe yo, Proven Investments Limited vin genyen Heritage Funds International. Akizisyon sa a genyen ladanl jesyon ak distribisyon Heritage International Scholarship Trust Foundation an. E si ou mande kisa Heritage la ye, nou twὸ kontan pou w ta mande sa. 

Fon edikasyon  patwimwàn nan Karayib la. 

Heritage sèvi Bahamas, Bermudes, Iles Vierges Britanniques yo ak Jamaïque nan zafè planifikasyon finansye pou edikasyon. Depi 1983, li enskri plis pase 50 000 timoun nan rejim nan. Ak Heritage, rezidan 4 peyi Karayib sa yo, yo ankouraje yo pou yo envèsti nan avni pitit yo gras a yon planifikasyon a fèb risk ak pefomant. Plan sa asire e abodab sa yo ede etidyan nan peyi Karayib yo pou yo atenn objektif edikatif ki pi wo yo ak pou yo reve pi gran ke jenerasyon avan yo. 

Depi plis pase 20 lane, Heritage ofwi rejim epay pou etid sa yo pou fanmi nan Karayib yo. 

Avantaj yon rejim epay pou eritaj yo enimere pi ba. 

  • *Opsyon pou pèman fleksib pou echeyans plan an 
  • *Opsyon pou plizyè peryὸd kotizasyon 
  • *Randman konstan ak konpetitif an dola ameriken 

Jis jodia, Heritage ap retounen plizye milyon dola pou pèman bay benefisyè yo, dapre sit Web li a. Ak sa, yo espere yon kwasans amelyore ak posibilite pou edikasyon tout gason ak fiy nan Karayib la. 

Epwèv nan Karayib la

O sije akizison an, Carrie Russell, pwezidant ak chèf direksyon an, nan Knowledge First Foundation ak Knowledge First Financial Inc, fenk deklare sa ki swiv la: ‘’Tranzaksyon sa a pral ranfὸse antrepwiz la, l ap ofwi yon lidèchip lokal ki genyen yon sans fὸ pou mache a ak diferan bezwen li yo.’’ 

Menm jan, Johann Heaven, responsab Banking & Wealth lakay Proven, declare sa. 

«Nou konsidere sa tankou konpleman pou ὸf sevis finansye aktyèl nou yo ki ofwi yon opὸtinite non sèlman pou elaji prezans nou nan espas jesyon patrimwàn nan Karayib la, men pi enpὸtan ankὸ ; se pou amelyore efikasite, pwen kontak yo ak kliyan yo ak amelyorasyon pou pati yo. » 

Anplis, Proven Fund Managers pral chanje non li poul vin International Financial Planning Jamaica Limited. 

Proven & Heritage : Fè avanse ansanm edikasyon nan Karayib la. 

Plan ansèyman siperyè yo nan Karayib yo depi lontan se yon pweyokipasyon pou nasyon ensilè yo. Amelyorasyonsistèm ekonomik la nan domèn sa yo kontribye pou retni ak soutni diplome inivesitè yo. E kote plis moun enstwi, valè ak enpὸtans ki akὸde a edikasyon ap ogmante, Proven ak Heritage ap travay ansanm pou kontinye planifikasyon pou edikasyon etidyan karayibeyen yo. 

SOUS: Unesco.org, hertiageesp.com, Jamaica.loopnews.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.