Souple tann...

Bὸn nouvèl pou endistri vwayaj nan Karayib la.

23 mas

Zile Kayiman ak lὸt zile nan Karayib yo jije sekiritè pou vwayaj yo.

Zile nan Karayib yo pwa l rale yon bon soupi nan yon ti tan ki pa twὸ lwen lὸske vwayaj yo pwa l retounen nan zile yo. Pou konnya, genyen bon nouvèl pou nou selebre. « Travel Pulse » mete Cayman yonn nan kote ki pi sekiritè pou vwayaje a travè tout mond la.

Ak lὸt zile nan karayib la, zile Caïmans yo jwenn rekὸmandasyon « safe for travel » de Travel Pulse nan yon atik ki soti pa twὸ lontan ki rele « The Safest Places to Travel in 2021 ». pandan li mete sekirite tankou yon pwiyorite ekriven Clarke pare pou li retounen, menm jan ak nou tout.

Lis sa genyen ladan l zile Karayib yo ki fè pati de 18 peyi yo.

  1. Zile Kayiman
  2. Turks& Caïques
  3. Sent-Lisi.
  4. Aruba
  5. Kostarika

Ak pwotokὸl trè di COVID-19, tourism nan zile yo ta dwe ogmante paske touris yo trankil nan lespri yo pou vwayaje kijan yo fè?

Zile Kayiman ak lὸt zile te koumanse byen bonè nan mete yon kouvrefe ki di, biznis fèmen, lekὸl fèmen oubyen yo limite ouvèti yo. Kouvrefe a pat pèmèt moun al achte, pwonmennen, pwonmennen chen. Sèlman travayè esansyèl yo te otorize pou soti lakay yo. Epi sèl makèt ak famasi te rete ouvri, men se sèlman kèk nan yo. Lè yo di kouvrefe di nan Karayib la, yo panse l tout bon.

Lè yo pa t kite bato kwazyè yo vini nan Karayib la se te yon mezi pou te bare maladi a men ki pat popilè ditou. kὸm kwazyè gen anpil touris nan yo, desizyon sa pa t fasil pou konpayi kwazyè yo, moun yo ak antrepriz nan Karayib la. Men lavi nan Karayib la te o sant pandemi mondyal la ak nan ensètitid

Konnya li sanble ke zile yo pare pou ouvri ankὸ ak yo pwotokὸl pou limiote pwopagasyon tout maladi, pou bay egzanp a tout rès mond la.

Sous: loopjamaica.com  forbes.com and travelpulse.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.