Souple tann...

Moun kòmanse ap Diplome nan UNWI

08 des

FotoKoutwazi twenty20photos 

Sezon pou remèt diplòm nan Inivèsite Dèzantiy yo (UNWI) kòmanse le 10 oktòb 2021 ansanm ak kanpis Five Islands, ki fenk fèt nan antigwa e Babouda k ap akeyi dezyèm seremoni remiz de diplòm li depi li kreye. Sou 42 diplome, genyen 27 ki se premye etidyan ki fè yon bakaloreya nan kanpis Five Islands lan. Remiz diplòm 10 oktòb sa se premye nan 13 seremoni remiz diplòm UWI pami senk kanpis Inivèsite a. 

A pwopo de UWI 

UWI se yon Inivèsite mondyal ki anrasinen nan Karayib la, depi plis ke swasant dizan, li founi sèvis ak lidèchip ala fwa nan rejyon an e nan lemond antye (timeshighereducation.com). Li te kòmanse ak yon kolèj inivèsitè de Lond nan Jamayik ak 33 etidyan nan medsin nan lane 1948 e li vini konnya yon akademi ki gen renome entènasyonal ak anviwon 50 000 etidyan ak 5 kanpis: 

  • Mona, Jamayik (1948)
  • Saint-Augustine,Trinite-e-Tobago (1960)
  • Cave Hill, Babad(1963) 
  • Open Campus (2008) 
  • Five Islands, Antigua-e-Babuda(2019) 

UWI se yonn nan de sèl inivèsite rejyonal nan mond lanki etann li de Beliz nan Amerik santral rive nan Trinite-e Tobago nan sid Karayib laSe yonn nan inivèsite ki pi mondyalize o mond, ak nèf sant mondyal ki repati an Amerik di Nò, Amerik latin, an Ewòp, an Afrik ak Azi (timeshighereducation.com). 

Non sèlman UWI gen yon gran pòte, e li byen klase anpilDapre prestijye klasman The Higher Education (THE), rezilta klasman pou 2022 montre ke UWI pran 94 plas pa rapò a yon bon pozisyon ke l te deja genyen ane pase. Nan domèn mondyal de 30 000 inivèsite ak enstiti rechèch elit, UWI klase konnya nan top 1,5%, kont 3% ane pase» (today.caricom.org). Selon pwofesè Sir Hilary Beckles ki se vis chanselye, Se yon pèfòmans spektakilè. Byenke nou toujou kenbe pozisyon nimewo 1 nan Karayib la e nou rive nan premye 1% nan meyè yo an Amerik latin e nan Karayib la, monte an flèch premye 1,5% nan mond lan bay nou yon degre satisfaksyon pèsonèl konsiderab antanke ekip k ap jere e dirije (today.caricom.org). 

UWI  pati tou de 100 meyè inivèsite mondyal de laj dò ( ant 50 e 80 lane) e figire pami prensipal inivèsite nan klasman enpak THE pou repons li bay a gran pwoblèm mondyal yo. 

 

Sous: 

thecaribbeannewsnow.com 

timeshighereducation.com 

today.caricom.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.