Souple tann...

LaGrenad Kontinye Ogmante Pwodiksyon Alimantè

22 avr

 

LaGrenad Kontinye Ogmante Pwodiksyon Alimantè 

Tout moun konnen ke eripsyon vὸlkan la Soufriyè le 9 avril 2021 te frape Sen-Vensan ak Grenadin anpil. Malerezman, aktivite vlkan an kreye yon gwo mank nan zafè manje nan sid Karayib la. Se pou sa Lagrenad ogmante pwodiksyon manje ansanm ak bèt ak legim. Jefὸ sa ede Lagrenad ak lὸt zile yo. 

Selon Peter David ki se minis Agrikilti, Tè ak Forè nan Grenad," sekirite alimantè se yon bagay ki enpὸtan pou nou, e Sen-Vensan ak Grenadin te nan yon sans yon gwo pwodiktè e founisè anpil pwodui agrikὸl, ansanm ak betay.” 

Trinidad, la Grenad, Sent-Lisi ak LaBarbad kontinye ap afekte paske Sen-Vensan paka pwodui ase. 

Gouvènman an ap pousuiv rechèch li yo pou konnen ki kote mank la plis e ki kote li dwe konsantre plis atasyon. Yo ankouraje domèn gouvènmantal yo, agrikiltè prive ak elvè yo pou pwodui manje nesesè. 

Tout moun te konnen Sen-Vensan ak Grenadin pou gran prodiksyon plant ki gen rasin yo tankou, tannia, patat dous ak dasheen. Toutan demand mache ap evolye, gouvènman Lagrenad envesti nan plizyè fèm piblik tankou prive. 

San èd gouvènman an nan pwodiksyon manje, mank la ap kontinye egziste nan tout zile nan Karayib la. Se yon peryὸd kriz kote tout zile yo ini yo pou ede yonn lὸt. 

Kontinye Èd Pwodiksyon Alimantè. 

Le 15 oktὸb 2021, yo te selebre jounen mondyal alimantasyon an sou tèm : " Aksyon nou yo se lavni nou: yon meyè pwodiksyon, yon meyè nitrisyon, yon meyè anviwὸnman e yon lavi miyὸ". 

Gouvènman an apwouve yon plan pou dizan pou reyabilite domèn Grand Bras la. Me kisa Minis Pèch la, onorab Yolande Bain-Horsford, te di. « Li enpὸtan pou note ke eta nitrisyonèl la se yon mezi eta sante tout endividi yo, menm jan sa afekte nan apὸ alimantè ak itilizasyon nitriman yo. Òganizasyon Nasyonzini pou alimantasyon ak agrikilti ankouraje Valè nitrisyonèl nan konsomasyon pwason. Mwen ankouraje tout moun pou konsome aliman sen e fè egsèsis souvan. Sa amelyore lavi ak mwayen pou viv. 

Nou kontan anonse ke Lagrenad asire sekirite alimantè ak nitrisyonèl pou tout moun ! 

SOUS:thecaribbeannewsnow.com,cayman.loopnews.com,freshplaza.com, nowgrenada.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.