Souple tann...

Peyi Lagiyàn Rekonpanse Moun Ki nan Domèn Lasante

21 jan

Peyi Lagiyàn Rekonpanse Moun Ki nan Domèn Lasante 

Ane Ki sot pase a, otorite nan peyi Lagiyàn te ofri yon rekonpans de semèn pou tout moun k ap travay nan domèn lasante. Nan menm ane sa, Lagiyàn ak prezidan l ki se Ali te kontan anonse yon rekonpans yon mwa pou 9200 moun k ap travay nan lasante. Antou, kantite lajan yo te rezeve pou rekonpans la te evalye a 612 milyon dola yo te bay nan dat nwèl la pou moun k ap travay di nan lasante. 

Se ak anpil kè kontan, anpil gwo bravo Prezidan Lagiyàn nan te anonse popilasyon an rekonpans sa yo. Jou sa, li te deklare : Mwen pwofite okazyon sa pou mwen felisite tout moun k ap travay nan domèn lasante pou gwo travay y ap fè a. 

Toujou ak anpil koutwazi, prezidan Ali te mande yo pou yo te kontinye bay popilasyon Lagiyàn nan bonjan lasante, e pou yo pa kite dekourajman fè yo fè mode lage. Ak anpil emosyon, prezidan an te di : Se pa favè mwen fè nou pou mwen bay nou prim sa, nou merite l. 

Minis lasante a ki se Doktè Frank Anthony te montre kontantman li pou travayè lasante yo pandan peryòd kowona a, e li te apresye tou sakrifis travayè sa yo ki te bliye tèt yo pou yo pran swen lòt moun. Nan diskou li, li te bay rezon ki fè te gen ogmantasyon nan kòb travayè yo. Nan sans sa, li te di :Si nou te wè sèlman moun ap travay nan kowona yo, 400 milyon dola tap ase, men li te difisil pou w te ka diferansye moun ki tap travay nan Kowona ak moun ki pa tap travay ladan paske travay tout moun te koneke. 

Nan sans sa yo te deside mete 212 milyon dola sou 400 milyon dola yo te bay anvan an .E ogmantasyon sa te lakòz tout moun nan domèn lasante te jwenn tou nan  612 milwon dola. 

Epi, otorite Giyàn yo te ogmante kòb moun ki ap travay nan domèn sik yo de 7 pou san ak 250 000 dola nan sa y ap peye yo. Ogmantasyon sa yo te fè kè popilasyon an kontan e li te bon tou pou ekonomi peyi a. Sou Facebook, se la tout moun ki nan domèn lasante yo t al remèsye otorite yo pou bonis la, paske yo te jwenn kòb yo nan lè nòmal e sa jwe sou ekonomi peyi Giyàn nan lane ki tap antre a.  

SOUS : onecaribbeannews.com, guyanachronicle.com, dpi.gov.gy, facegook.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.