Souple tann...

Èd Etazini pou mete fen nan trafik moun nan Trinidad-Tobago

12 nov

Èd Etazini pou mete fen nan trafik moun nan Trinidad-Tobago

Trafik moun nan Trinidad e Tobago dwe kanpe e Etazini deside mete men nan sa. An fèt Etazini ak USAID ofri jiska yon milyon dola pou ede mete fen nan trafik moun ki soti Trinidad e Tobago. Don sa pral ede gouvènman an lite kont trafikan e ede viktim yo. 

Lit kont komès moun 

Yon zouti esansyèl nan lit kont pratik sa se kolèk ak kominikasyon done. Dispozitif ki ka itilize pou evalye done kolekte yo e fè tout gouvèman konnnen. Arete koupab yo se objektif prensipal ls. Apre sa yo pral konsidere viktim yo. 

Viktim trafik moun 

Trafikan move lawon sa yo atire fanm ak fi nan Kolonbi, Repiblik Dominikèn ak Venezyela ak ὸf de yon vi meyè. Yo pwomèt fo anplwa a travè medya sosyal yo. Ansuit, yo voye fi yo nan bὸdèl ak nan club. Malerezman, laj viktim sa yo pa plis ke 15 a 21 lane. Anplis ke yo se natif natal karibeyen, migran ki antre nan Trinidad e Tobago ki soti an Afrik, Lachin ak lὸt peyi nan Karayib la vilnerab ak sila yo ki nan kominote LGBTI. Tout moun sa yo bezwen sèvis retablisman tankou konsèy, retapi, fὸmasyon pwofesyonèl. etc. 

Pou elimine trafik moun nan Trinidad e Tobago 

Aktyèlman, Trinidad e tobago pa genyen resous nenesè pou fini a gè kont trafik moun. E se pou sa menm ke Etazini ak donatè yo ape de. Yon fwa ke viktim nan idantifye, epi yo ankete sou trafikan yo, fonksyonè yo fὸme e edike nan domèn nan, ap toujou gen anpil bagay pou fèt. Efὸ sa yo ap gen pou fèt nan kad pwosesis la. 

  • Pousuit
  • Proteksyon
  • Prevansyon

« Asistans USAID pral adapte pou reponn a priyorite plan daksyon nasyonal TIP administrasyon Keith Rowley ak rekὸmandasyon kle rapὸ 2021 gouvènman ameriken sou trafik moun. 

USAID, TIP, gouvènman Trinidad e Tobago ak Etazini pare pou fè lagè a move pratik trafik moun nan zile yo. gras a divès resous, asistans teknik e edikasyon, y ap sansiblize e elabore yon plan daksyon. 

SOUS: State.gov, caribbeantoday.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.