Souple tann...

Ede Sen Vensan

14 me

Foto : koutwazi  @mantisphoto                    

Ede Sen Vensan 

Nasyonzini (ONU) lanse yon apèl finansman mondyal  de 29,2 milyon dola lendi ki te 19 avril 2021 an pou ede sitwayen Sen Vensan ak Grenadin ak rejyon anviwonant yo ki touche pa gwo  eripsyon volkan La Soufriere (news.un.org) 

Aa solidarite entènasyonal sa te lanse pou pote èd presye a moun ki pi vilnerab nan Sen Vensan ak Grenadin menm jan nan Antigua- ak-Barbuda, nan la Barbade, nan la Grenade ak nan Sent-Lisi ki te frape pa gwo kout sann (news.un.org).      

Dapre L’ONU, << Finansman an ap founi èd vital imedya, ansanm ak dlo potab, e lap soutni yon repriz dirab pou tout moun ki touche. L’ONU ak patnè l yo evalye egalman bilan ekonomik, sosyal ak anviwònmantal tout peyi ki touche pa retonbe yo, ansanm ak eliminasyon sann e amelyorasyon dispozisyon yo ki gen rap ak sante anviwònmantal (news.un.org). 

Apresa, Kowòdonatè sekou dijans la nan Nasyonzini, Mark Lowcock, anonse yon milyon dola nan Fon santral entèvansyon ijans Nasyonzini (CERF) pou ede an ijans moun ki touche, an patikilye evakye yo (news.un.org).                     

Le 20 avril 2021, yo anrejistre 12 700 moun ki evakye nan abri piblik yo ak nan kay prive yo; sepandan, preske 20 000 moun ta dwe deplase (news.un.org).                              

Alòt eripsyon an atant pou semèn k ap vini yo, destriksyon yo ki deja genyen yo te devastatris. « Genyen vilaj an antye ki te kouvri ak sann, batiman ki andomaje, lekòl ak komèki men, kilti ak betay ki detrui, e abitan yo ki gen yon aksè limite a dlo potab » (news.un.org)                

Menm jan ak premye minis Ralph Gonsalves dekri sitiyasyon an, Sen Vensan ak Grandin nan gran bezwen e y ap fè fas a « yon defi monimantal  pou èd imanitè » (thecut.com).  

Anpil nesesite tankou dlo potab , nouriti, vètman, l’EPI ak founiti ijyenik yo nesesè anpil anpil ; vis dlo yo ak elektrisite yo anbès nan anpil domèn (thecut.com). 

 Nou kapab ede pandan n ap bay nan ganizasyon sa yo :     

  • KwaWouj Sen Vensan ak Grenadin 
  • Federasyon entènasyonal sosyete Kwa Wouj ak Kwa san Wouj         
  • UNICEF
  • Ajanskaribeyenjesyon ijans katastwòf           
  • PwogràmAlimantè Mondyal  

Sous: News.un.org       news.un.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.