Souple tann...

Kijan teknoloji ede antrepriz ki fenk ap demare yo reyisi.

18 mas

 

Kijan teknoloji ede antrepriz ki fenk ap demare yo reyisi nan moman pandemi

Tankou nou konnen, teknoloji gen gwo enpak sou antrepriz yo. Men, nan moman pademi mondyal, antrepriz yo itilize teknoloji ak yon lὸt detèminasyon. Anpil nan yo pwospere malgre pandemi, gras a lὸt fason yo itilize teknoloji a, jan yo inove.

Teknoloji a reponn prezan epi ede antrepriz yo reyisi nan Karayib la

Rete travay lakay vin fè demand pou depann de nimerik la monte anpil, pa gen manti nan sa. Pou pote repons, Antrepriz tankou TBR Lab bay antrepriz ki fenk ap demare nan Karayib la aksè a edikasyon e yon soutyen nan domèn kwasans teknolojik pou yon evolisyon rapid. Nou ka pran pou egzanp :

Kὸmand ak repa an liy ak livrezon repa pèmèt ak antrepriz yo kontinye fonksyone. Teknoloji a te ede yo wè antrepriz yon lὸt fason.

Etablisman medikal yo bay konsiltasyon vityèl ki mete an relasyon pasyan ak medsen. platfὸm telemedsin nan ede moun rete an sante epi pèmèt biwo fonksyone.

Tranzaksyon pou peye an liy se yon lὸt domèn ke teknoloji a touche pandan pandemi mondyal la. Konsomatè yo ka kὸmande prèske tout bagay an liy jounen jodi, tranzaksyon monetè dwe fèt an sekirite epi dewoule san pwoblèm.

Epi gen lὸt fason ke teknoloji a pwogrese pou reponn a bezwen zile yo, paske yo te fèmen a koz COVID-19.

Antrepriz yo reyisi gras a teknoloji

Antrepriz nan Karayib la ka reyisi nan «nouvèl peryὸd nὸmal la». Pandan w ap itilize èd antrepriz teknolojik ak aplikasyon komèsyal, antrepriz ou a ka pote kèk chanjman pou kὸmanse pakou li nan nouvèl nὸm teknolojik yo. Depi lè aplikasyon mobil yo egziste, ekstènalizasyon, reyinyon vityèl ak kapasite pou tranzaksyon, genyen anpil fason pou mete teknoloji nan antrepriz ou nan karayib la epi remete w o travay. E sa se yon bon nouvèl.

SOUS: loopjamaica.com legalnature.com techbeach.net


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.