Souple tann...

Sezon Ouragan yo Rive

04 jiy

Sezon Ouragan yo Rive

Zanmi mwen yo, ann fè ti tann, paske sezon ouragan yo rive sou nou. Li pwobab pou nan moman w ap li atik sa , déjà gen yon tanpèt twopikal ou pi mal toujjou. E nan zile  yo nan Karayib la, nou konnen tout bagay sou ouragan, gwo van vyolan ak van tanpèt ki ka devaste yon nasyon nan yon bat je. 

Eske w pare pou yon previzyon ki depase mwayèn nan pou ane sa ? 

Prediksyon Siperyè ke Nòmal 

Ou te byen li- Previzyon yo ke sant previzyon klimatik NOAA rele ane sa yon ane aktiv. Sa fè 7 lane yonn dèyè lòt ke bagay la konsa. Alòs, petèt nou anfas yon lòt nòmalite ? me kisa ekspè yo pibliye. 

Pèspektiv  NOAA pou sezon ouragan nan Atlantik la pou 2022 a, k ap soti premye jen rive 30 novanm prevwa 65% chans pou yon sezon siperyè a nòmal, 25 % chans pou yon sezon pwòch nòmal e 10% chans pou yon sezon enferyè a nòmal. 

Tankou pou chak ane, abitan nan Karayib la dwe prepare yo pou mwa k ap vini yo. 

Mete nou Pre pou Sezon Ouragan 

Moun k ap viv nan zile karayib yo ak kot ameriken, nan Florid la toua p prepare fanmiy yo pou moman k app vini la yo. eske w pare ? me yon lis kontwòl pou kòmanse prepare w pou sezon ouragan 2022. 

Nou ankouraje w ranmase bagay sa yo met lakay ou: 

  1. Bidon ak galon dlo se premye bagay ke kèk mou nap panse a yo.
  2. Danre ki ka konsève pou 3 jou tankou konsèv ak fui sèk.
  3. Yon radyo e radio ki pran batri ka ede si gen pàn kouran.
  4. Flach ak bouji a batri bon anpil pou pàn kouran.
  5. Nou dwe gen batri rezèv sere epi mete yo kote pou n jwenn yo fasil si ta gen ijans.
  6. Li enpòtan tou pou n genyen yonn ou de twous premye swen. Nan fason sa, w ap pare pou ede lòt yo si yo t va pa genyen sa yo gen bezwen.
  7. Mas yo fè pati lavi nou konnya depi kèk ane. Men nou ka gen bezwen yo pou netwayaj, yon fason poun pa respire pousyè ak debri.
  8. Asire w ke w ranpli tout òdonans e konsilte medsin w si w dwe pran randevou.
  9. Lenjèt mouye se yon bon lide pou netwaye men ak sifas yo.

Fè tout sa w kapab pou mete bagay lakay ou yon fason pou ede vwazen w. Plis nou travay ansanm se plis nou ini antan ke pèp Nasyon Karayib la. 

SOUS jamaica.loopnews.com, NOAA, Kayifi.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.