Souple tann...

Èske Ladominik ap Vin yon Nasyon Rezistan a Klima?

04 fev

Èske Ladominik ap Vin yon Nasyon Rezistan a Klima? 

Ladominik ap degaje l pou l konstui kay ki rezistan a klima 

Nan deklarasyon Premeye minis Ladominik, Dr Roosevelt Skerrit, li deklare ke gouvènman t ap kòmanse konstui 1 000 kay rezistan a klima an plis de 31 ki deja ap konstui. Objektif la ki vin yon nasyon ki antyèman rezistan a klima nòb anpil e merite tout efò nou pou Ladominik ak pèp li. 

Direktè pwojè Montreal Management Consultants East Dominica (MMCE) te deklare« Entansyon nou se pou n bay batiman ki konfòm a objektif gouvènman ki se konstuiyon peyi ki rezistan a klima. Nou egzamine toutan konsepsyon ak lide pou n asire n ke tout batiman yo reponn a spesifikasyon yo. » 

Antouzyas ki genyen pou pwojè a manifèste pa yon atitid jwaye e plen espwa nan tout Ladominik. Ak yon mòd de vi dirab, nouvo kay ak ekipman de klas mondyal, moun yo santi van chanjman. E prensipal katalizè chanjman sa se katastwòf ak tanpèt Erika ki te frape zile a an 2015. 

Konstwi kay rezistan a klima 

Kay k ap konstui yo rezistan a klima gras a plizyè bon jan spesifikasyon ki byen panse an matyè dirablite. N ap jwenn eleman sa yo nan detay yo. 

  1. Sèvisfib obtik 
  2. Sèvispiblik souteren 
  3. Teknolojibeton ame 
  4. Fenètanti ouragann 
  5. Akplis ankò 

Ak èd plis pase yon ekip de 1000 manb k ap konstui, soti nan chofè-livrè, transpòtè ayeryen ak maritim, karyè, founisè ak antrepriz beton, anpil anplwa kreye ansanm ak yon stabilite ekonomik ak bon jan lojman. 

Alò wi, se yon gwo pwojè anbisye. Men se yon pwojè ki vo envestisman pou sila yo k ap kontribye nan fon ak tan pou soutni efò ki vize a rann Ladominik rezistan a klima. 

 

SOUS menafn.com, wicnews.com


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.