Souple tann...

Avantaj Sante nan Viv sou Zile yo

03 jan

Avantaj Sante nan Viv sou Zile yo 

Vwayaje nan Karayib la se toujou yon bagay ki agreyab, men èske w janm panse viv la yon jou ? Nan Karayib la, abitan yo toujou renmen pwofite lè solèy la pral kouche, fè kèk eksperyans deyò kay yo ki pa gen limit avèk yon tan ki fè cho pandan tout ane a. Reve yon moman avèk nou pandan w ap li nan sa ki ekri anba a sou avantaj sante nan lavi ensilè yo. 

Manje lokal byen fre 

Paske se sa... Ebyen, sou zile yo... Ensilè yo depann anpil sou sous manje yo ki fre pandan y ap kiltive yo ak pran nan yo pou yo manje chak jou. Pwiske ou nan mitan lanmè, fè pwovizyon pou zile sa yo pran plis tan epi koute pi chè. Yon lòt kote, manje yo byen kiltive san konte sa yo peche nan lanmè se yon bèl avantaj pou sante nan lavi ensilè yo. Wi, pwiske w konnen kote manje w ap manje a soti. Anplis, w ap soutni agrikiltè yo ak pechè lokal yo, e sa pi bon pou ou menm avèk fanmiy ou. W ap santi w beni, w ap satisfè nan manje w ap konsome yo epi w ap gen anpil enèji pou w pwofite zile a. 

Kèk manje yo kiltive anpil sou zile yo 

  • Bannann 
  • Kafe 
  • Kann 
  • Patat 

Yon bon dòz  solèy 

Lè w chwazi pou w viv nan Karayib la, limyè solèy la se yon bagay w ap jwenn anpil. Solèy la kouche pi ta pandan jounen parapò kèk lòt kote nan mond la, ki pèmèt ou jwenn plis tan ki gen klate. Anpil etid montre, lè w pran yon bon dòz solèy chak jou se yon bagay ki gen anpil vitamin D ladann, ki redwi tansyon ateryèl e ki amelyore kalite lavi w yon fason ki global. 

Egzèzis anba solèy 

Viv nan Karayib la vle di w ka soti alèz lakay ou epi rive dekouvri tout sa zile genyen pou l ofri w. Soti al mache epi respire lè a ki byen fre olye w ale nan yon sal kote anpil moun ap pratike espò pou w jwenn yon avantaj siplemantè. Si al mache oubyen fè egzèzis kote w ap leve bagay ki lou se pa bagay ou renmen, ou ka chwazi al benyen nan lanmè ki fè cho yo e petèt menm pran yon moman pou w pwofite gade bèl koray yo. 

Ide sou kèk kote w ka al fè egzèzis 

  • Randone jis rive nan yon kaskad 
  • Mache sou plaj 
  • Fè kayak 

Sous nouriti ki fre sou latè ak nan lanmè, se yon apò ki bon nan solèy ak plizyè lòt posibilite pou w fè egzèzis anplennè. Ki sa w ka pa renmen la ? Pou w pwofite sou tout avantaj sa yo sou sante lavi ensilè, vin vizite Karayib la, chwazi zile w ta renmen vizite a epi viv byen 

SOUS: www.southrockscaicos.com, www.Popsugar.com, www.tripsandheels.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.