Souple tann...

“ISLANDS” Is the Chemical Pollution Project Benefiting Trinidad and Tobago

14 des

« ISLANDS » se pwojè polisyon chimik pou Trinidad Tobago 

Minis Planifikasyon ak Devlòpman, Camille Robinson-Regis, anonse patisipasyon l nan pwojè ameriken "Implementing Sustainable Low and Non-chemical Development in Small Islands Developing States". Akwonim pwojè 11 milyon dola sa se ISLANDS. 

Pwojè global sa vize pou devlope resous pou mete an èv mezi ki konsène dechè chimik ak polisyon. Patisipasyon Trinidad Tobago nan ISLANDS pral pote anpil benefis pou li nan kat gwo domèn. 

  1. Prevniakimilasyon pwodui chimik nan ti zile k ap devlope yo a lavni. (PEID). 
  2. Asireke gesyon pwodui chimik, lòt pwodui ak materyo ki egziste yo fèt. 
  3. Kontwolepwodui k ap antre nan PEID, materyèl fèmti ak pwodui. 
  4. Gesyonkonesans ak kominikasyon. 

Anplis Trinidad Tobago ki nan pwojè a, ISLANDS genyen ladan l tou peyi nan Karayib la tankou : Antigua-ak-Barbuda, la Barbade, les Bermudes, Repiblik Dominikén la Guyane, Saint-Kitts-ak-Nevis, Sainte-Lucie, le Sirinam, etc. 

« Pwogram ISLANDS 450 milyon dola sa vle mete an èv solisyon rejyonal e nasyonal pou prevni e jere dechè ak polisyon nan PIED. Epi « nan rejyon Karayib la, inisyativ sa vize pou elimine plis pase 9000 tòn metrik matyè kontamine ak plis pase 150 000 tòn metrik dechè maren. - Sant Konesans ODD, ISSD 

Pwojè a pra l emiline polyan òganik yo, pestisid yo epi jere dechè eektwonik ak veyikil kip a itilize ankò. Li pra l amelyore kontwòl ak enpòtasyon pwodui, kontribye nan kenbe dechaj yo kontwole epi ankouraje yon pwodiksyon alimantè dirab, ak pwomouvwa yon konsomasyon dirab sou plan ekonomik. 

An efè, latè ap vin dejou an jou pi entoleran nan trafik ilegal dechè ak akimilasyon plastik nan oseyan nou yo. 

Ak kantite efò sa pou elimine dechè maren yo, oseyan yo pral pwospere, resif koralyen yo pap andomaje epi touris la pral devlope. 

Li enpòtan pou n note ke se yonn nan pi gwo envèstisman ke Fon pou anviwònman mondyal la fè nan domèn entèvasyon dechè ak pwodui chimik. Anplis, se Pwogram Nasyonzini pou Anviwònman ak Òganizasyon Nasyonzini pou Alimantasyon ak Agrikilti  ki monte pwogram nan.  Epi Sant rejyonal Konvasyon Bâle pou fòmasyon e transfè teknoloji pou Karayib la ap sèvi ajans egzekisyon pou efò de mas la. 

SOUS: Caribbeannewsglobal.com, sdg.iisd.org 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.