Souple tann...

Sezon Siklòn Nan Karayib La Rive.

14 jiy

Sezon Siklòn Nan Karayib La Rive. 

Sezon siklòn yo nan Karayib la kòmanse nan mwa Jen pou rive nan finisman mwa Novanm. Sa ka sanble pa fin twò bon akoz siklòn yo, paske se nan moman sa yo moun plis marye nan peyi Etazini ak nan kèk lòt mwa sezon lete. Men èske w te konnen gen kèk zile nan Karayib la ki pa sitiye anndan senti siklòn yo? 

Awouba, Bonè, Kiraso, Babad Sen Vensan ak Grenadin yo, Grenad, Trinite ak Tobago, zile Sen Andre yo ak Pwovidensya twouve yo deyò rejyon nan Karayib la kote siklòn yo pa frape. 

Sa vle di, pa pran tan pou w rezève yon vakans endispansab nan youn nan bèl zile sa yo. 

Anvizaje yon kwazyè. 

Si w fè rezèvasyon pou yon kwazyè, yo pral gade yon zye atantif sou meteyo a, tout sa w ap gen pou w fè se chita epi pwofite bifè a ak bwason yo. 

Si w vizite zile yo nou te mansyone anlè a, ou p ap bezwen enkyete w pou kesyon ouragan. Pi move bagay ki ka rive sou zile sa yo se yon ti loraj. Menm nan ka sa tou ekipaj la gen pi bon enterè w yo nan tèt yo. Yo byen fòme sou fason yo ka evite yon tanpèt. 

Ki lè w ta dwe vizite. 

Peryòd ki pi popilè yo pou moun vizite Karayib la sitiye ant mwa Desanm pou rive Avril. Pandan mwa sa yo w ap jwenn yon tan ki fè cho, pa gen oken risk pou ouragan e se apèn ou ka jwenn yon ti lapli. 

Se yon peryòd ki asire e ki agreyab pou vizite soti mwa Desanm pou rive Avril. Sèl enkonvenyan ki ka genyen, sèke pandan mwa sa yo zile yo trè frekante sa ka koz pri yo vin pi wo. 

Ki lè ouragan yo pwodui. 

Mete nan tèt ou laplipa ouragan yo pwodui nan lwès Karayib la ant mwa Out ak Septanm. Lè ouragan yo plis pwente a menm se nan mwa Oktòb, lè tanperati oseyan an pi cho. Si w vle asire w evite ouragan yo, ou ka etidye chema tipik yo a pou w wè ki kote yo fòme nan Karayib la ak ki lè tou. 

 

SOUS: www.fodors.com, www.afar.com, www.responsiblevacation.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.