Souple tann...

Jamayik nan negosiyasyon pou li vin pwochen pὸ kwazyè nan Karayib la.

27 avr

Foto : Koutwazi mblach     

Jamayik nan negosiyasyon pou li vin pwochen pkwazyè nan Karayib la 

Ak kwazyè entènasyonal yo ki otorize retounen an Ewp, Azi e kounya nan Karayib la (orlandosentinel.com), e ak p nan Etazini ki toujou fèmen akoz restriksyon COVID-19, p nan Karayib la sezi optinite pou yo ofri plas pa yo km p pou bato kwazyè. 

Ak plis pase 36% tout mouvman kwazyè ki fèt nan Karayib laplipa moun ki monte kwazyè yo soti Etazini ak Kanada, Jamayik se kote ideyal pou fonksyone km p pou akste. 

Li deja anonse ke Bahamas pral p pou bato kwazyè Crystal Cruises ak Royal Caribbean akste. Sen Maten deja nome km p pou Celebrity Cruises.  

Bato kwazyè Vision of the Seas Royal Caribbean la pral kmanse kwazyè li yo soti Bermudes, e zile vyèj britanik anonse ke yo genyen pou yo louvri yon p pou bato kwazyè fè eskal. 

P pou bato kwazyè yo fè pati yon plan pi laj pou reprann touris nan Jamayik yon fwa ke li pral relouvri frontyè pou touris entènasyonal le 15 jen (jamaicaobserver.com). Tankou lt zile yo, Jamayik depann tradisyonèlman de endistri kwazyè yo pou fè pati revni (lajan) ki antre nan zafè touris. Rive bato kwazyè yo ap ogmante tanzantan kantite touris sou zile a (cruisehive.com).  

Selon White plizyè diskisyon ap fèt ant konpayi kwazyè e gouvènman jamayiken ki genyen plan e politik ki fin elabore pou genyen p pou bato kwazyè si gen yon ak ki konkli ak konpayi kwazyè yo (jamaicaobserver.com).   

Pandan yon resan reyinyon preparatwa vityèl sou tourisdirektè touris Jamayik la, Donovan White, eksplike ke pasaje kwazyè yo ap dirèkteman soti nan ayewop pou rive jis nan p kwazyè a pou anbake sou bato a (jamaicaobserver.com). 

Selon Jamaica Observer, kwazyè yo genyen anpil demand. « Moun yo pre pou yo rekmanse pati e profite de vakans lanmè » (jamaicaobserver.com). Crystal Cruises anonse rezèvasyon rek nan yon jounen pou moman kote Crystal Serenity pral navige Bahamas an jiyè, e preske 4 mil vwayajè rezève kabin oubyen lὸt plas pou o mwen yonn nan vwayaj kote yo pral pase 7 nwit kap deplase soti Naso oubyen Bimini jiska Bahamas (jamaicaobserver.com).  

Sous: 

cruisehive.com 

jamaicaobserver.com 

orlandosentinel.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.