Souple tann...

Pòt a pòt nan Jamayik pou vaksen kont COVID-19

23 nov

FotoKoutwazi twenty20photos 

Pòt a pòt  nan Jamayik pou vaksen kont COVID-19  

Dezòmè, yo pwopoze pou mache bay vaksen kont  COVID-19 a domisil nan Jamayik. Rive 24 oktòb 2021, o mwen nèf sant sante a travè Jamayik kòmanse vaksinasyon a domisil, yo deplwaye ekip swen nan  Hanovre, Manchester, St. Elizabeth, Trelawny, Westmoreland, St. Ann, St. Mary, Portland ak Saint-Thomas (thecaribbeannewsnow.com). Enfimyè sante piblik yo ak sila yo k ap ede nan sante kominotè ap mache de kay an kay nan kominote yo pou bay vaksen COVID 19 a moun ki fèmen yo, moun andikape ak moun aje (thecaribbeannewsnow.com). 

Selon minis la Sante ak Lavi Miyò, Dr Christopher Tufton, pwogram nan te fèt pou touche moun k ap viv nan rejyon elwanye yo tou. ‘’ pwogram vaksinasyon pòt a pòt sa destine pou fè vaksinen tout kominote ki  p a pre yon sit fiks ak sila yo ki pa ka ale nan sit yo" (thecaribbeannewsnow.com). Tufton kontinye pou l konplimante ekip k ap bay swen sante yo : « Mwen vle salye ajan sante piblik yo ki kontinye fè prèv angajman anvè efò COVID, yo pakouri kolin ak vale pou jwenn sitwayen ki pi vilnerab yo» (thecaribbeannewsnow.com). 

 Gouvènman Jamayik la kontinye ankouraje sitwayen ak rezidan yo pou pran vaksen yon fason pou anpeche fòm grav maladi a, kouche lopital ak/ou lanmò COVID-19 ka koze. Rive 24 oktòb, Jamayik te bay yon total 849 003 dòz vaksen Astra Zeneca, 315 036 de konplete pou dezyèm dòz. Pandan tan sa, yo te bay 44 693 dòz vaksen a dòz inik Johnson&Johnson (thecaribbeannewsnow.com). 

San karant senk mil dòz vaksen Pfizer ta dwe rive nan peyi a avan 31 oktòb 2021. Plis pase 45 600 nan yo se yon don peyi Sirinàm fè, rès la soti nan akò gouvènman ak vaksen COVID-19. Enstalasyon aksè mondyal (COVAX). 

Rive 27 oktòb 2021, yo te siyale nan peyi Jamayik 88 666 enfeksyon ak 2 199 desè ki gen rapò ak kowona viris depi kòmansman pandemi an (graphics.reuters.com). kantite nouvo enfeksyon ke yo siyale chak jou nan Jamayik diminye de plis pase 120 pandan 3 dènye semèn yo, konnya yo jwenn 124 nouvo eneksyon chak jou, nou ka di anviwon 18% de pik pase a (graphics.reuters.com). 

Sous: 

graphics.reuters.com 

thecaribbeannewsnow.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.