Souple tann...

Ekip Jamayikèn Bobsleigh a Kat ap rann li nan Je Olenpik

08 fev

Foto: Koutwazi @tampatra 

Ekip Jamayikèn Bobsleigh a Kat ap rann li nan Je Olenpik

Pou premye fwa depi 24 lane, Jamayik voye yon ekip bob a kat nan Je Olenpik. Sou baz rezilta entènasyonal sezon sa, Lajamayik te jwenn dènye plas nan ploton 28 treno an kalifikasyon pou Je Peken yo (olympicsnbcsports.com). Jamè depi Je Olenpik ivè 1998 nan Nagano nan Japon, Lajamayik pa kalifye pou patisipe nan eprèv Bobsleigh a kat. Deplis, se pral premye fwa ke Jamayik pral kalifye nan twa eprèv olenpik Bobsleigh : bob a kat, bob a de e monobob feminen.  

Nan ekip 4 gason sa yo ta dwe genyen pilt Shanwayne Stephens e frenè Nimroy Turgott (dailyhive.com). De lt manm pral chwazi pami Ashley Watson, Rolando Reid ak Matthew Wepke (dailyhive.com). 

Lajamayik t al nan konkou pou premye fwa ak yon ekip a kat nan Je olenpik Calgary en 1988, gwoup la te enspire yon fim “ Cool Runnings”. Sepandan, lè ekip jamayikèn pral anlè pis bobsleigh nan Peken 2022, li pral lwen gwoup rekri ki te kouri an 1988 (dailyhive.com). Ekipaj la pase kat dènye ane yo ap patisipe nan kous kalifikasyon an skwad nan lemond antye, afwonte meyè ekip ak nasyon pisan tankou Kanada, Almay, ak Letoni (dailyhive.com). Yo genyen yon ekip eksperimante e yon pral konkouri.  

Sepandan, genyen defi sou wout la. Pandan fèmti akoz pandemi an, ekip jamayik la te dwe jwenn mwayen kreyatif pou antrene. Yo detèmine pou pa pedi tan nan preparatif olenpik yo, Stephens e Turgott te pouse yon vwati nan lari nan yon katye angle pou stimile pouse yon bobsleigh. Selon Stephens, « Nou dwe pouse yon bobsleigh, yo peze anviwon 170 a 225 kilo, donk se anpil pwa ke nou dwe deplase sou yon dire tou kout e byen rapid. Donk, o nivo antrènman, se yon reprezantasyon presi de sa nou ta dwe fè» (insider.com). Stephens menm enstale yon zn miskilasyon nan jaden l, kreye yon sal sp a domisil, a pati de so an bwa ak siman (insider.com).  

Byenke genyen yon meday ka yon objektif anbisye, ekip la gen yon objektif pi reyalis ki se bat meyè ekip jamayikèn bobsleigh pandan yo te fini 14e (dailyhive.com). Me si w pat janm konnen, jan Stephen di " Ou dwe la pou genyen, e nou la, al nou pral eseye genyen yon meday" (dailyhive.com). 

Sous: 

 

dailyhive.com 

insider.com 

olympicsnbcsports.com


Questions? Comments? Contact us.