Souple tann...

World Travel Awards nan Jamayik

17 des

World Travel Awards nan Jamayik 

Ankò e ankò, w ap jwenn Jamayik figire pami ganyan nan zile karayib la. Ane sa, World Travel Awards nan Jamayik anpil e enpresyonan, ak twofe pou premye biwo touris nan Karayib la, premye destinasyon  wazyè ak premye destinasyon Karayib 2021. 

Nou te anonse rekonpans sa yo semèn pase ak World Travel Awards e Jamayik rive an tèt ak plizyè lòt domèn. Sa genyen ladanl plizyè rekonpanspou antrepriz karibeyèn nan Jamayik, genyen tou otèl, sant vilejiati, ajans lokasyon vwati, ajans vwayaj ak destinasyon. 

World Travel Awards 

Ou wè sa, ojektif World Travel Awards se pou « fè konnen, rekonpanse ak selebre ekselans nan tout sektè endistri modyal vwayaj ak touris ». -WorldTravelAwards.com 

Pwofesyonèl nan zafè vwayaj yo vote pou diferan pri, ansanm ak vòt piblik la. Fòm vòt sa yo pèmèt opinyon varye soti nan novis rive nan pwofesyonèl, sa ki ajoute yon ekilib nan validite rezita yo. e sila kif è plis vòt yo ranpòte kategori sa. 

Sistèm vòt ak rekonpans sa yo te etabli an 1993 e yo te rekonèt tout nan lemond antye nan 28tyèm anivèsè a nan 2021. E lane 2021 an te yon bon lane pou endistri vwayaj la, paske l kontribye nan repriz vwayaj yo. 

 «Ganyan nou yo reprezante meyè eleman nan sektè vwayaj ak otelri nan karayib ak nan Amerik di Nò, e mwen felisite chak nan yo . Yo jwe yon gwo wòl nan relans vwayaj ak touris nan mond la. Se pawòl sa yo ke Graham Cooke, fondatè World Travel Awards te repete ak fyète. 

Eksplore destinasyon jamayikèn World Travel Awards 

Èske w vle konnen ki kote prensipal destinasyon yo ye nan Jamayik ? Ebyen nou genyen sa. Toudabò, ou dwe ale Jamayik ak konpayi ayeryèn k ap mennen an, Bahamasair, oubyen ganyan mak lidè konpayi ayeryèn, Caribbean Airlines. 

Ou swete rete nan prensipal destinasyon avanti pou touris Karayib 2021 an ki se Jamayik ? Me kèk kote pou rezève vakans sa yo. 

  • Otèl-boutikpremye plan: Rockhouse, Jamayik. 
  • Meyèkonplèks otelye: GoldenEye, Jamayik. 
  • Konplèkslin de myèl premye plan: Sandals South Coast, Jamayik. 
  • Rezidansotelye premye plan: The Tryall Club, Jamayik 
  • Meyèkonplèks otelye de liks ki konpoze de suit sèlman: Jamaica Inn 

E se la kèk kote ki fantastik pou rete nan destinasyon Karayib la. Alò asire w pou w planifye yon vwayaj nan prensipal atraksyon avanti touristik nan Karayib la, Dunn River Falls, Jamayik. 

Antan ke yonn nan trezò nasyonal Jamayik, chit rivyè Dunn nan chaje rivyè, sous, kaskad ak plis ankò. Vizitè yo ka fè tiwolyèn anwo chit yo, travèse pon sispandi, fè raftin ak tubin, oubyen senpleman detann ou sou plaj imakile yo. 

De tout evidans, genyen anpil rezon pou vizite destinasyon jamayikèn World Travel Awards. E yon fwa ke w fè eksperyans Jamayik, w ap dakò. 

SOUS: Jamaica.loopnews.com, worldtravelawards.com, visit Jamaica.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.