Souple tann...

Jetblue Ak American Airlines Ajoute Plis Vòl Pou Trinidad.

04 out

Jetblue Ak American Airlines Ajoute Plis Vòl Pou Trinidad. 

Selon kèk sous enfòmasyon nan Karayib la, Jetblue ak american airlines ajoute plis vòl pou Trinidad pou sezon ete sa. 

Ekspansyon vòl sa yo pral pèmèt ofri plis pase 2738 plas chak semèn ant Etazini ak Port of Spain. 

Anons sa te vini apre yon lòt gran konpayi ayeryen Nò Ameriken, Air kanada te anonse entansyon l pou l ale soti Toronto rive Trinidad. 

Vwayaje Avèk Jetblue. 

JetBlue sot anonse li pral pwopoze yon vòl soti Nouyòk pou rive Port of Spain, ki pral fonksyone jis rive nan kòmansman mwa Septanm. 

Pou JetBlue, pri vwayaj la soti Nouyòk (JFK) pou rive Port of Spain (POS) pral koute tou piti 257 $ pou yon ale senp ak pri ki pi wo a pral 342 $. Pri a ka varye selon dat ak lè w chwazi a. 

Vwayaje Avèk American Airlines. 

American airlines ajoute kèk vòl kotidyen soti Miami pou ale Trinidad dat ki pral 15 Out pou rive 5 Septanm. 

"Sektè touris la nan Trinidad kontan anonse yon ogmantasyon nan transpò ayeryen an depi Etazini", se sa ofis touris destinasyon an te deklare. 

Vòl Miami entènasyonal yo ( MIA) nan Port of Spain pral koute anviwon 650 $ ale retou pou chak moun.. 

Pi Bon Aktivite Yo Nan Trinidad Ak Tobago. 

1| Queen's Park Savannah - yo konnen l tou sou non Savannah, se pi gran espas ki ouvè nan Port of Spain. Espas sa mezire anviwon 260 ekta avèk yon istwa enpòtan. 

2| Zoo Nan Vale Anperè - Zoo nan vale anperè a se sèl zoo ki sitiye nan Trinidad ak Tobago. Li sitiye nan Nò Queens Park Savannah, nan lwès jaden botanik wayal yo. Li louvri depi plis pase 70 ane. 

3|Plaj Nan Marakas - plaj popilè sa nan Trinidad rekoni pou ekselan surf li ofri, kuizin nan zòn li sitiye a ki  popilè anpil e ki rekonèt sou non patisri ak reken, san konte sipèb bwonzaj li yo 

 
 

SOUS: www.caribjournal.com, www.jetblue.com, www.aa.com 


Kesyon? Kòmantè? Kontakte nou.